Friday, November 19, 2021



TIKOUN HA’KLALI

KI SA YO RELE TIKOUN?


16, 32, 41, 42, 59, 77, 90, 105, 137, 150


Tikoun Se yon Mo ebre ki vle di remèd, Ranje, Repare, ak reparasyon. Se konsa Tikoun Ha’Klali vle di Remèd (Reparasyon) jeneral. Se Rav Na'hman li menm Nan Breslev ki te revele se Remèd Jeneral sa pou nou Tikoun Ha'Klali a, li atake fay la nan rasin li yo, lè l sèvi avèk fòs ki pi pwisan nan linivè a: chante nan sòm yo l’ap evre yon reparasyon efikas.


Tikoun Ha'Klalí a konpoze de dis sòm espesifik. Isit la anba a ou ka resite yo nan lang ebre ak Kreyòl ak fonetik. Esansyèl! …


YON LAPRIYÈ POU OU RESITE’L AVANT NOU DI TIKOUN JENERAL LA

Nan dis sòm sa yo, mwen rantre nan tout vrè Tzadikim Jenerasyon sa a ak tout vrè Tzadikim ki te kite yo, "sen yo ki sou latè," ak espesyalman Rebe apa pou Sen nou an, Tzadik, fondasyon nan mond lan, "ap koule tankou dlo a kouran, sous bon konprann ", rabi Nakhman, pitit gason Feiga, (ka merit li pwoteje nou), ki moun ki devwale remèd sa a.


Vini non, an nou chante pou Dye, an nou rele byen fò pou Wòch delivrans nou an. Se pou nou vini devan prezans li ak di Bondye mèsi; se pou nou chante kè kontan l 'nan chante. Paske BONDYE se yon gwo BONDYE ak yon gwo Wa sou tout ti bondye yo (Sòm 95: 1-3).


Mwen prepare bouch mwen pou di mèsi ak fè lwanj Kreyatè mwen an, pou inifye Sen an, pou li beni li menm ak She’hinah a avèk sezisman ak lanmou, atravè kache ki depase tout kache a, nan non tout pèp Izrayèl la.





Tehilim Chapit 16

פרק טז

MWEN DI LETÈNÈL, SEYÈ SE OU KI SÈL BYEN MWEN.


1 Mikh’tam Le David -  Sè yon kantik David. Pwoteje m', Bondye, paske se bò kote ou m'ap chache Refij.


2 Mwen di Letènèl, Seyè Se ou ki sèl Byen mwen. Se ou menm ki tout byen mwen. Pa gen pase ou!


3 Tout plezi mwen toujou la avèk moun Kedoshim yo  k'ap sèvi Letènèl (Seyè a) nan peyi a.

א) מִכְתָּם לְדָוִד שָׁמְרֵנִי אֵל כִּי חָסִיתִי בָךְ:


ב) אָמַרְתְּ לַיהֹוָה אֲדֹנָי אָתָּה טוֹבָתִי בַּל עָלֶיךָ:


ג) לִקְדוֹשִׁים אֲשֶׁר בָּאָרֶץ הֵמָּה וְאַדִּירֵי כָּל חֶפְצִי בָם:



Mwen p'ap janm nonmen non fodye sa yo


4 Moun k'ap kouri dèyè tout lòt fodye yo, se traka y'ap chache bay tèt yo. Mwen p'ap mele nan ofrann bèt y'ap fè. Mwen p'ap janm nonmen non fodye sa yo.


5 Letènèl, se ou menm ki tout byen mwen. Se ou ki ban m' tou sa m' merite. Lavi m' nan men ou.


6 Ala yon bèl eritaj ki vin pou mwen! Ala kontan mwen kontan pou pòsyon pa m' lan!


7 M'ap fè lwanj Letènèl paske li ban m' bon konsèy. Menm lannwit, konsyans mwen di m' sa pou m' fè.


ד) יִרְבּוּ עַצְּבוֹתָם אַחֵר מָהָרוּ בַּל אַסִּיךְ נִסְכֵּיהֶם מִדָּם וּבַל אֶשָּׂא אֶת שְׁמוֹתָם עַל שְׂפָתָי:



ה) יְהֹוָה מְנָת חֶלְקִי וְכוֹסִי אַתָּה תּוֹמִיךְ גּוֹרָלִי:



ו) חֲבָלִים נָפְלוּ לִי בַּנְּעִמִים אַף נַחֲלָת שָׁפְרָה עָלָי:



ז) אֲבָרֵךְ אֶת יְהֹוָה אֲשֶׁר יְעָצָנִי אַף לֵילוֹת יִסְּרוּנִי כִלְיוֹתָי:





Shiviti HaShem Tamid Le Negdi – Map Toujou Mete HaShem Devan Je’m


8 Mwen toujou mete Letènèl devan je m'. Paske li toujou bò kote m'. Anyen pa ka brannen m'.


9 Se poutèt sa, kè m' kontan anpil. Mwen santi se tout tan mwen ta chante. Ata kò mwen m'ap poze ak konfyans nan Bondye.


10  Paske ou p'ap kite m' kote mò yo ye a, ou p'ap penmèt Moun Hasid ou yo k'ap sèvi ou la pouri anba tè.


11 W'a fè m' konnen chemen ki bay lavi a. Paske ou la avè m', mwen pa manke kontan. Bò kote ou, Seyè, se yon plèzi ki p'ap janm fini.

ח) שִׁוִּיתִי יְהֹוָה לְנֶגְדִּי תָמִיד כִּי מִימִינִי בַּל אֶמּוֹט:



ט) לָכֵן שָׂמַח לִבִּי וַיָּגֶל כְּבוֹדִי אַף בְּשָׂרִי יִשְׁכֹּן לָבֶטַח:



י) כִּי לֹא תַעֲזֹב נַפְשִׁי לִשְׁאוֹל לֹא תִתֵּן חֲסִידְךָ לִרְאוֹת שָׁחַת:


יא) תּוֹדִיעֵנִי אֹרַח חַיִּים שׂבַע שְׂמָחוֹת אֶת פָּנֶיךָ נְעִמוֹת בִּימִינְךָ נֶצַח:


TEHILIM CHAPIT 32


פרק לב


ALA BON SA BON POU YON MOUN LÈ BONDYE PA GADE SOU FÒT LI FÈ 

1 Le David Maskil -  Se yon kantik David. Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye pa gade sou fòt li fè, lè Bondye padonnen peche l' yo!


2 Ala bon sa bon pou yon moun lè Letènèl pa mande l' kont pou sa li fè ki mal, lè li pa gen okenn lide twonpe Bondye!


פרק לב

א) לְדָוִד מַשְׂכִּיל אַשְׁרֵי נְשׂוּי פֶּשַׁע כְּסוּי חֲטָאָה:



ב) אַשְׁרֵי אָדָם לֹא יַחְשֹׁב יְהֹוָה לוֹ עָוֹן וְאֵין בְּרוּחוֹ רְמִיָּה:






3 Tank mwen pa t' ankò vle rekonèt peche m' yo, mwen t'ap cheche sou pye. Tout lajounen, mwen t'ap plenn.


4  Lajounen kou lannwit ou t'ap kale m', Seyè. Mwen fin rann tout ji mwen, tankou tè sèk nan sezon chalè.


5 Lè sa a, mwen rekonèt peche m' yo devan ou, mwen pa t' kache ou sa m' te fè ki mal. Mwen di: M'ap rakonte Letènèl tout bagay. Apre sa, ou te padonnen tout peche m' yo.


6 Se konsa, moun k'ap sèvi ou ak tout kè yo gen pou lapriyè ou lè yo nan tray. Si yo nan gwo dlo, anyen p'ap rive yo.


7 Se bò kote ou mwen vin kache. Jou malè w'ap delivre m'. M'ap chante fè konnen jan ou pwoteje m'.

ג) כִּי הֶחֱרַשְׁתִּי בָּלוּ עֲצָמָי בְּשַׁאֲגָתִי כָּל הַיּוֹם:



ד) כִּי יוֹמָם וָלַיְלָה תִּכְבַּד עָלַי יָדֶךָ נֶהְפַּךְ לְשַׁדִּי בְּחַרְבֹנֵי קַיִץ סֶלָה:


ה) חַטָּאתִי אוֹדִיעֲךָ וַעֲוֹנִי לֹא כִסִּיתִי אָמַרְתִּי אוֹדֶה עֲלֵי פְשָׁעַי לַיהֹוָה וְאַתָּה נָשָׂאתָ עֲוֹן חַטָּאתִי סֶלָה:


ו) עַל זֹאת יִתְפַּלֵּל כָּל חָסִיד אֵלֶיךָ לְעֵת מְצֹא רַק לְשֵׁטֶף מַיִם רַבִּים אֵלָיו לֹא יַגִּיעוּ:


ז) אַתָּה סֵתֶר לִי |יפסיק מעט. לחץ| מִצַּר תִּצְּרֵנִי רָנֵּי פַלֵּט תְּסוֹבְבֵנִי סֶלָה:

8  Letènèl di: M'a louvri lespri ou sou anpil bagay. M'a moutre ou chemen pou ou swiv la. M'a ba ou bon konsèy. M'ap voye je sou ou.


9 Fo pa fè tankou chwal osinon tankou milèt ki san konprann. Yo blije mete bosal ak brid nan bouch yo pou donte yo. Si se pa sa, ou pa ka pwoche bò kote yo.


10 Mechan yo gen pou yo soufri anpil. Men, Letènèl ap toujou pwoteje moun ki met konfyans yo nan li paske li renmen yo.


11 Nou tout k'ap viv jan Bondye vle l' la, fè kè nou kontan, chante pou sa Letènèl fè pou nou. Nou tout k'ap mache dwat devan Bondye, rele, fè wè jan nou kontan.

ח) אַשְׂכִּילְךָ וְאוֹרְךָ בְּדֶרֶךְ זוּ תֵלֵךְ אִיעֲצָה עָלֶיךָ עֵינִי:




ט) אַל תִּהְיוּ כְּסוּס כְּפֶרֶד אֵין הָבִין בְּמֶתֶג וָרֶסֶן עֶדְיוֹ לִבְלוֹם בַּל קְרוֹב אֵלֶיךָ: 



י) רַבִּים מַכְאוֹבִים לָרָשָׁע וְהַבּוֹטֵחַ בַּיהֹוָה חֶסֶד יְסוֹבְבֶנּוּ:



יא) שִׂמְחוּ בַיהֹוָה וְגִילוּ צַדִּיקִים וְהַרְנִינוּ כָּל יִשְׁרֵי לֵב:

Tehilim Chapit 41

פרק מא

ALA BON SA BON POU MOUN KI PRAN KA PÒV YO!

1 La Menatzea’h Mizmor Le David - Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David.  2  Ala bon sa bon pou moun ki pran ka pòv yo! Letènèl va delivre l' lè la nan tray.

3 Letènèl va pwoteje l', li p'ap kite l' mouri. L'ap fè l' viv ak kè kontan sou latè, li p'ap lage l' nan men lènmi l' yo pou yo fè sa yo vle avè l'.

4 Letènèl va ba l' fòs lè maladi fè l' pran kabann. Letènèl va ba l' gerizon lè li malad kouche.

א) לַמְנַצֵּחַ מִזְמוֹר לְדָוִד:



ב) אַשְׁרֵי מַשְׂכִּיל אֶל דָּל בְּיוֹם רָעָה יְמַלְּטֵהוּ יְהֹוָה:  ג) יְהֹוָה יִשְׁמְרֵהוּ וִיחַיֵּהוּ וְאֻשַּׁר בָּאָרֶץ וְאַל תִּתְּנֵהוּ בְּנֶפֶשׁ אֹיְבָיו:



ד) יְהֹוָה יִסְעָדֶנּוּ עַל עֶרֶשׂ דְּוָי כָּל מִשְׁכָּבוֹ הָפַכְתָּ בְחָלְיוֹ:




5) Mwen menm, mwen te di: Seyè, gen pitye pou mwen. Geri mwen, paske mwen te peche kont ou.

6) Lènmi m' yo ap pale m' mal. Y'ap di: Kilè l'a mouri? Kilè y'a bliye l'?

7) Moun ki vin wè m' yo, se yon bann ipokrit. Se ranmase yo vin ranmase tout kalite move nouvèl. Soti yo soti, yo pwonmennen rakonte yo toupatou.

ה) אֲנִי אָמַרְתִּי יְהֹוָה חָנֵּנִי רְפָאָה נַפְשִׁי כִּי חָטָאתִי לָךְ:


ו) אוֹיְבַי יֹאמְרוּ רַע לִי מָתַי יָמוּת וְאָבַד שְׁמוֹ:


ז) וְאִם בָּא לִרְאוֹת שָׁוְא יְדַבֵּר לִבּוֹ יִקְבָּץ אָוֶן לוֹ יֵצֵא לַחוּץ יְדַבֵּר:



Tout Moun ki Pa Vle Wè M' Yo Mete tèt Yo Ansanm, Yap Pale Lashon HaRa Kont Mwen

8) Tout moun ki pa vle wè m' yo mete tèt yo ansanm pou pale nan zòrèy sou mwen. Yo kwè m' fini, nanpwen renmèd pou mwen. Y'ap fè yon pakèt vye lide sou mwen.

9) Y'ap di: Msye kondannen. Kote l' kouche a, nanpwen leve pou li ankò.

10) Ata pi bon zanmi m' lan, moun mwen te fè konfyans anpil la, moun ki te konn manje nan menm plat avè m' lan, ata li menm, li trayi m'.

ח) יַחַד עָלַי יִתְלַחֲשׁוּ כָּל שֹׂנְאָי עָלַי יַחְשְׁבוּ רָעָה לִי:




ט) דְּבַר בְּלִיַּעַל יָצוּק בּוֹ וַאֲשֶׁר שָׁכַב לֹא יוֹסִיף לָקוּם:


י) גַּם אִישׁ שְׁלוֹמִי אֲשֶׁר בָּטַחְתִּי בוֹ אוֹכֵל לַחְמִי הִגְדִּיל עָלַי עָקֵב:


11) Men ou menm, Seyè, gen pitye pou mwen. Mete m' sou de pye m' ankò, pou m' ka ba yo sa yo merite.

12) M'a konnen ou kontan avè m' vre si m' wè lènmi m' yo pa banboche sou do m'.

יא) וְאַתָּה יְהֹוָה חָנֵּנִי וַהֲקִימֵנִי וַאֲשַׁלְּמָה לָהֶם:


יב) בְּזֹאת יָדַעְתִּי כִּי חָפַצְתָּ בִּי כִּי לֹא יָרִיעַ אֹיְבִי עָלָי:


13) Wi, w'ap soutni m', paske mwen pa fè anyen ki mal. W'ap fè m' kanpe la devan ou pou tout tan.

14) Ann fè lwanj Letènèl, Bondye pèp Izrayèl la. Ann fè lwanj li pou tout tan. Amèn! Se vre!

יג) וַאֲנִי בְּתֻמִּי תָּמַכְתָּ בִּי וַתַּצִּיבֵנִי לְפָנֶיךָ לְעוֹלָם:


יד) בָּרוּךְ יְהֹוָה אֱלֹהֵי יִשְׂרָאֵל מֵהָעוֹלָם וְעַד הָעוֹלָם אָמֵן וְאָמֵן:


Tehilim Chapit 42

פרק מב

MENM JAN YON SÈF GEN ANVI POU’L  BWÈ DLO LARIVYÈ, SE KONSA MWEN ANVI WÈ OU, ELOHIM


1) La Menazea’h Maskil Li Benei Korakh - Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Koré yo. 


2) Menm jan yon Sèf geyen anvi pou’l  bwè dlo larivyè, se konsa mwen anvi wè ou, Elohim (Bondye).


3) Nanm mwen swaf Elohim (Li anvi wè Bondye), Bondye ki vivan an. Kilè m' ava ale pou m' wè fas Bondye?


4) Lajounen kou lannwit m'ap kriye. Se dlo ki soti nan je m' ki sèvi m' manje. Se tout tan moun ap mande m': -Kote Bondye ou la?


5) Kè m' ap fann lè m' chonje bagay tan lontan: mwen te konn mache ansanm ak yon foul moun, ki te konn ale lakay Elohim (Bondye). Moun yo te konn fè fèt, yo te konn chante, yo t'ap di Bondye mèsi.




א) לַמְנַצֵּחַ מַשְׂכִּיל לִבְנֵי קֹרַח:



ב) כְּאַיָּל תַּעֲרֹג עַל אֲפִיקֵי מָיִם כֵּן נַפְשִׁי תַעֲרֹג אֵלֶיךָ אֱלֹהִים:



ג) צָמְאָה נַפְשִׁי לֵאלֹהִים לְאֵל חָי מָתַי אָבוֹא וְאֵרָאֶה פְּנֵי אֱלֹהִים:


ד) הָיְתָה לִּי דִמְעָתִי לֶחֶם יוֹמָם וָלָיְלָה בֶּאֱמֹר אֵלַי כָּל הַיּוֹם אַיֵּה אֱלֹהֶיךָ:


ה) אֵלֶּה אֶזְכְּרָה וְאֶשְׁפְּכָה עָלַי נַפְשִׁי כִּי אֶעֱבֹר בַּסָּךְ אֶדַּדֵּם עַד בֵּית אֱלֹהִים בְּקוֹל רִנָּה וְתוֹדָה הָמוֹן חוֹגֵג:







6) Mwen pale ak tèt mwen, mwen di: -Poukisa m' kagou konsa? Poukisa m'ap plede plenn konsa nan kè m'? M'ap met espwa m' nan Bondye, paske mwen gen pou m' fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m', se li ki Bondye mwen.


7) Wi, mwen kagou. Se poutèt sa, kote m' ye a, bò larivyè Jouden an, sou mòn Emon osinon sou mòn Miza, tout tan lide m' sou ou.


8) Yon lanm lanmè rale yon lòt lanm lanmè dèyè l' lè gwo lapli ap tonbe. Tout kouran dlo ak tout lanm lanmè yo ap pase sou mwen.


9) Lajounen Letènèl fè m' anpil favè. Lannwit mwen chante yon chante pou li. Mwen lapriyè Bondye ki tout lavi mwen.


10) Mwen di Bondye ki twou wòch kote pou m' kache a: -Poukisa ou bliye m' konsa? Poukisa pou m'ap viv ak tout lapenn sa a nan kè m', lè lènmi m' yo ap kraze m' anba pye yo?


11) Mwen santi tout zo nan kò m' ap fè m' mal. lè moun k'ap pèsekite m' yo ap joure m', lè tout tan y'ap mande m': -Kote Bondye ou la?


12) Wi, poukisa mwen kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè mwen? M'ap mete espwa m' nan Bondye, paske mwen gen pou m' fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m', se li ki Bondye mwen.





ו) מַה תִּשְׁתּוֹחֲחִי נַפְשִׁי וַתֶּהֱמִי עָלָי הוֹחִילִי לֵאלֹהִים כִּי עוֹד אוֹדֶנּוּ יְשׁוּעוֹת פָּנָיו:



ז) אֱלֹהַי עָלַי נַפְשִׁי תִשְׁתּוֹחָח עַל כֵּן אֶזְכָּרְךָ מֵאֶרֶץ יַרְדֵּן וְחֶרְמוֹנִים מֵהַר מִצְעָר:


ח) תְּהוֹם אֶל תְּהוֹם קוֹרֵא לְקוֹל צִנּוֹרֶיךָ כָּל מִשְׁבָּרֶיךָ וְגַלֶּיךָ עָלַי עָבָרוּ:


ט) יוֹמָם יְצַוֶּה יְהֹוָה חַסְדּוֹ וּבַלַּיְלָה שִׁירֹה עִמִּי תְּפִלָּה לְאֵל חַיָּי:



י) אוֹמְרָה לְאֵל סַלְעִי לָמָה שְׁכַחְתָּנִי לָמָּה קֹדֵר אֵלֵךְ בְּלַחַץ אוֹיֵב:



יא) בְּרֶצַח בְּעַצְמוֹתַי חֵרְפוּנִי צוֹרְרָי בְּאָמְרָם אֵלַי כָּל הַיּוֹם אַיֵּה אֱלֹהֶיךָ:



יב) מַה תִּשְׁתּוֹחֲחִי נַפְשִׁי וּמַה תֶּהֱמִי עָלָי הוֹחִילִי לֵאלֹהִים כִּי עוֹד אוֹדֶנּוּ יְשׁוּעֹת פָּנַי וֵאלֹהָי:







TEHILIM CHAPIT 59

פרק נט

YON CHANTE DAVID TE EKRI LÈ SHAOUL TE VOYE MOUN VEYE KAY LI POU TOUYE L'. 

1) La Menatzea’h Al Tash’Het Le David, Mi’htam - Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David te ekri lè Shaoul te voye moun veye kay li pou touye l'. 


2) Delivre m' anba lènmi m' yo, Bondye mwen! Pwoteje m' pou moun k'ap leve dèyè m' yo pa jwenn mwen!


3) Delivre m' anba malveyan yo! Sove m' anba ansasen sa yo!


4) Yo mete anbiskad pou yo touye m'. Yon bann ansasen ap fè konplo sou do mwen, san m' pa fè anyen ki mal, san m' pa fè okenn fòt, Seyè.

א) לַמְנַצֵּחַ אַל תַּשְׁחֵת לְדָוִד מִכְתָּם בִּשְׁלֹחַ שָׁאוּל וַיִּשְׁמְרוּ אֶת הַבַּיִת לַהֲמִיתוֹ:



ב) הַצִּילֵנִי מֵאֹיְבַי אֱלֹהָי מִמִּתְקוֹמְמַי תְּשַׂגְּבֵנִי:



ג) הַצִּילֵנִי מִפֹּעֲלֵי אָוֶן וּמֵאַנְשֵׁי דָמִים הוֹשִׁיעֵנִי:


ד) כִּי הִנֵּה אָרְבוּ לְנַפְשִׁי יָגוּרוּ עָלַי עַזִּים לֹא פִשְׁעִי וְלֹא חַטָּאתִי יְהֹוָה:


5) Malgre mwen inonsan, y'ap kouri, y'ap pare tann mwen! Leve non! vin bò kote mwen! Gade yo!


6) Ou menm, Seyè, Bondye, ou menm ki chèf lame zanj yo, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, leve non! vin pini moun lòt nasyon yo! Se pou ou san pitye pou bann mechan sa yo k'ap trayi ou!


7) Chak swa, yo tounen. Yo mache nan tout lavil la, y'ap jape tankou chen.


8) Tande sa y'ap di! Tande jan y'ap pale! Lang nan bouch yo, ou ta di se yon ponya! Y'ap di: Pa gen moun k'ap tande nou!


9) Men ou menm, Seyè, ou pase yo nan rizib! Ou pase tout nasyon yo nan jwèt.

ה) בְּלִי עָוֹן יְרֻצוּן וְיִכּוֹנָנוּ עוּרָה לִקְרָאתִי וּרְאֵה:


ו) וְאַתָּה יְהֹוָה אֱלֹהִים צְבָאוֹת אֱלֹהֵי יִשְׂרָאֵל הָקִיצָה לִפְקֹד כָּל הַגּוֹיִם אַל תָּחֹן כָּל בֹּגְדֵי אָוֶן סֶלָה:



ז) יָשׁוּבוּ לָעֶרֶב יֶהֱמוּ כַכָּלֶב וִיסוֹבְבוּ עִיר:


ח) הִנֵּה יַבִּיעוּן בְּפִיהֶם חֲרָבוֹת בְּשִׂפְתוֹתֵיהֶם כִּי מִי שֹׁמֵעַ:


ט) וְאַתָּה יְהֹוָה תִּשְׂחַק לָמוֹ תִּלְעַג לְכָל גּוֹיִם:



10) Se ou ki tout defans mwen, se sou ou mwen konte. Bondye, se bò kote ou mwen jwenn pwoteksyon.


11) Bondye mwen, w'ap vin kanpe bò kote m', paske ou renmen m'. W'ap fè m' wè jan moun k'ap pèsekite m' yo ap fini mal.


12) Pa touye yo pou moun pa m' yo ka chonje! Avèk pouvwa ou, fè yo pa konn sa y'ap fè, fè yo tonbe. Seyè, se ou menm ki tout pwoteksyon mwen.


13) Chak pawòl ki soti nan bouch yo se yon peche. Se pwòp lògèy yo k'ap fini ak yo. Se madichon ak manti ase k'ap soti nan bouch yo.


14) Lè ou an kòlè, fini ak yo. Fini ak yo nèt, fè yo disparèt. Fè tout moun konnen se Bondye k'ap gouvènen nan peyi Jakòb la. Se li k'ap gouvènen toupatou sou latè.


י) עֻזּוֹ אֵלֶיךָ אֶשְׁמֹרָה כִּי אֱלֹהִים מִשְׂגַּבִּי:


יא) אֱלֹהֵי חַסְדִּי יְקַדְּמֵנִי אֱלֹהִים יַרְאֵנִי בְשֹׁרְרָי:


יב) אַל תַּהַרְגֵם פֶּן יִשְׁכְּחוּ עַמִּי הֲנִיעֵמוֹ בְחֵילְךָ וְהוֹרִידֵמוֹ מָגִנֵּנוּ אֲדֹנָי:



יג) חַטַּאת פִּימוֹ דְּבַר שְׂפָתֵימוֹ וְיִלָּכְדוּ בִגְאוֹנָם וּמֵאָלָה וּמִכַּחַשׁ יְסַפֵּרוּ:



יד) כַּלֵּה בְחֵמָה כַּלֵּה וְאֵינֵמוֹ וְיֵדְעוּ כִּי אֱלֹהִים מֹשֵׁל בְּיַעֲקֹב לְאַפְסֵי הָאָרֶץ סֶלָה:


15) Chak swa, yo tounen. Y'ap jape tankou chen, y'ap mache nan tout lavil la.


16) Y'ap moute desann, y'ap chache manje. Y'ap plenn paske yo pa jwenn ase pou plen vant yo.


17) Men mwen menm, m'ap chante pou m' di jan ou gen pouvwa. Chak maten m'a fè lwanj ou pou m' di jan ou pa janm sispann renmen nou. Paske, se ou ki tout defans mwen, se bò kote ou mwen te jwenn pwoteksyon lè m' te anba tray.


18) Wi, m'ap fè lwanj ou, ou menm ki tout defans mwen. Se bò kot Bondye mwen jwenn pwoteksyon, bò kot Bondye ki renmen m' lan.


טו) וְיָשׁוּבוּ לָעֶרֶב יֶהֱמוּ כַכָּלֶב וִיסוֹבְבוּ עִיר:


טז) הֵמָּה יְנִיעוּן לֶאֱכֹל אִם לֹא יִשְׂבְּעוּ וַיָּלִינוּ:


יז) וַאֲנִי אָשִׁיר עֻזֶּךָ וַאֲרַנֵּן לַבֹּקֶר חַסְדֶּךָ כִּי הָיִיתָ מִשְׂגַּב לִי וּמָנוֹס בְּיוֹם צַר לִי:



יח) עֻזִּי אֵלֶיךָ אֲזַמֵּרָה כִּי אֱלֹהִים מִשְׂגַּבִּי אֱלֹהֵי חַסְדִּי:


Tehilim Chapit 77

פרק עז

KOLI EL ELOHIM -  MWEN RELE BYEN FÒ NAN PYE ELIHIM (BONDYE)

1) La Manazea’h Al Yedutoun Le Asaf Mizmor - Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm Asaf.


2) Mwen rele byen fò nan pye Bondye. Wi, mwen rele nan pye Bondye, li koute mwen.


3) Lè mwen nan tray, mwen lapriyè nan pye Letènèl. Tout lannwit m'ap lapriyè san rete, mwen pa ka jwenn konsolasyon.


4) Mwen chonje Bondye, m'ap plenn! M'ap kalkile, mwen santi m' dekouraje!


5) Ou fè m' rete je klè, mwen sitèlman boulvèse, mwen pa ka pale.


6) M'ap chonje tan lontan, wi, m'ap chonje lanne pase anwo yo.



7) Mwen pase nwit ap repase chante yo, m'ap kalkile anpil nan kè m', m'ap egzaminen, m'ap di:


8 -)Eske Letènèl voye m' jete nèt? Eske li p'ap janm kontan avè m' ankò?


9) Eske Bondye pa gen bon kè ankò? Eske li p'ap kenbe pawòl li ankò?


10) Eske Bondye bliye gen pitye? Eske lè li ankòlè li pa pran priyè?

א) לַמְנַצֵּחַ עַל יְדוּתוּן לְאָסָף מִזְמוֹר:



ב) קוֹלִי אֶל אֱלֹהִים וְאֶצְעָקָה קוֹלִי אֶל אֱלֹהִים וְהַאֲזִין אֵלָי:


ג) בְּיוֹם צָרָתִי אֲדֹנָי דָּרָשְׁתִּי יָדִי לַיְלָה נִגְּרָה וְלֹא תָפוּג מֵאֲנָה הִנָּחֵם נַפְשִׁי:


ד) אֶזְכְּרָה אֱלֹהִים וְאֶהֱמָיָה אָשִׂיחָה וְתִתְעַטֵּף רוּחִי סֶלָה:


ה) אָחַזְתָּ שְׁמֻרוֹת עֵינָי נִפְעַמְתִּי וְלֹא אֲדַבֵּר:


ו) חִשַּׁבְתִּי יָמִים מִקֶּדֶם שְׁנוֹת עוֹלָמִים:


ז) אֶזְכְּרָה נְגִינָתִי בַּלָּיְלָה עִם לְבָבִי אָשִׂיחָה וַיְחַפֵּשׂ רוּחִי:


ח) הַלְעוֹלָמִים יִזְנַח אֲדֹנָי וְלֹא יֹסִיף לִרְצוֹת עוֹד:


ט) הֶאָפֵס לָנֶצַח חַסְדּוֹ גָּמַר אוֹמֶר לְדֹר וָדֹר:


י) הֲשָׁכַח חַנּוֹת אֵל אִם קָפַץ בְּאַף רַחֲמָיו סֶלָה:



11) Apre sa mwen di: Men sak fè m' pi mal ankò! Gen lè Bondye ki anwo nan syèl la pa menm jan an ankò?


12) Seyè, m'a rakonte gwo bagay ou te fè yo, paske mwen chonje bèl mèvèy ou te fè nan tan lontan.


13) M'ap kalkile tout sa ou te fè yo, m'ap egzaminen tout gwo bagay estwòdenè ou te fè yo!


14) Tout sa ou fè, Bondye, se bagay apa! Nan tout bondye yo, nanpwen ki gen pouvwa tankou ou!


15) Ou se Bondye ki fè mèvèy. Ou fè nasyon yo wè pouvwa ou.


16) Avèk fòs ponyèt ou ou te delivre pèp ou a, pitit pitit Jakòb yo ak pitit pitit Jozèf yo.


17) Lè dlo yo wè ou, Bondye, dlo yo soti pè. Lè dlo yo wè ou, fon lanmè yo pran tranble.


18) Nwaj yo pran vide gwo lapli, kout loraj pran woule nan nwaj yo, kout zèklè fè yanyan nan tout syèl la.


19) Bri loraj la pran woule nan syèl la. Kout zèklè klere toupatou. Tè a soti pè, li pran tranble.


20) Ou louvri yon chemen pou ou nan mitan lanmè a. Ou pase nan mitan gwo lanmè fon fon an. Men pesonn pa ka wè mak pye kote ou pase.


21) Ou pran Moyiz ak Arawon, ou fè yo mennen pèp ou a tankou yon bann mouton y'ap mennen.

יא) וָאֹמַר חַלּוֹתִי הִיא שְׁנוֹת יְמִין עֶלְיוֹן:


יב) אֶזְכּוֹר מַעַלְלֵי יָהּ כִּי אֶזְכְּרָה מִקֶּדֶם פִּלְאֶךָ:


יג) וְהָגִיתִי בְכָל פָּעֳלֶךָ וּבַעֲלִילוֹתֶיךָ אָשִׂיחָה:


יד) אֱלֹהִים בַּקֹּדֶשׁ דַּרְכֶּךָ מִי אֵל גָּדוֹל כֵּאלֹהִים:


טו) אַתָּה הָאֵל עֹשֵׂה פֶלֶא הוֹדַעְתָּ בָעַמִּים עֻזֶּךָ:


טז) גָּאַלְתָּ בִּזְרוֹעַ עַמֶּךָ בְּנֵי יַעֲקֹב וְיוֹסֵף סֶלָה:


יז) רָאוּךָ מַּיִם אֱלֹהִים רָאוּךָ מַּיִם יָחִילוּ אַף יִרְגְּזוּ תְהֹמוֹת:


יח) זֹרְמוּ מַיִם עָבוֹת קוֹל נָתְנוּ שְׁחָקִים אַף חֲצָצֶיךָ יִתְהַלָּכוּ:



יט) קוֹל רַעַמְךָ בַּגַּלְגַּל הֵאִירוּ בְרָקִים תֵּבֵל רָגְזָה וַתִּרְעַשׁ הָאָרֶץ:


כ) בַּיָּם דַּרְכֶּךָ וּשְׁבִילְךָ בְּמַיִם רַבִּים וְעִקְּבוֹתֶיךָ לֹא נוֹדָעוּ:


כא) נָחִיתָ כַצֹּאן עַמֶּךָ בְּיַד מֹשֶׁה וְאַהֲרֹן:


Tehilim Chapit 90

פרק צ

TEFILA LE MOSHE ISH HA’ELOHIM -  LAPRIYÈ MOYIZ, SÈVITÈ BONDYE A



א) תְּפִלָּה לְמֹשֶׁה אִישׁ הָאֱלֹהִים אֲדֹנָי מָעוֹן אַתָּה הָיִיתָ לָּנוּ בְּדֹר וָדֹר:



ב) בְּטֶרֶם הָרִים יֻלָּדוּ וַתְּחוֹלֵל אֶרֶץ וְתֵבֵל וּמֵעוֹלָם עַד עוֹלָם אַתָּה אֵל:



ג) תָּשֵׁב אֱנוֹשׁ עַד דַּכָּא וַתֹּאמֶר שׁוּבוּ בְנֵי אָדָם:


ד) כִּי אֶלֶף שָׁנִים בְּעֵינֶיךָ כְּיוֹם אֶתְמוֹל כִּי יַעֲבֹר וְאַשְׁמוּרָה בַלָּיְלָה:



ה) זְרַמְתָּם שֵׁנָה יִהְיוּ בַּבֹּקֶר כֶּחָצִיר יַחֲלֹף:


ו) בַּבֹּקֶר יָצִיץ וְחָלָף לָעֶרֶב יְמוֹלֵל וְיָבֵשׁ:


ז) כִּי כָלִינוּ בְאַפֶּךָ וּבַחֲמָתְךָ נִבְהָלְנוּ:


ח) שַׁתָּה עֲוֹנֹתֵינוּ לְנֶגְדֶּךָ עֲלֻמֵנוּ לִמְאוֹר פָּנֶיךָ:




1) Lapriyè Moyiz, sèvitè Bondye a. Seyè, ou te toujou yon pwoteksyon pou nou depi sou tan zansèt nou yo jouk koulye a.


2) Anvan menm ou te kreye mòn yo, anvan ou te fè latè ak tout sa ki ladan l', depi tout tan ak pou tout tan se Bondye ou ye.


3) Ou di moun se pou yo tounen sa yo te ye. Ou fè yo tounen pousyè ankò.


4) Milan (1.000 an) pa anyen pou ou, se tankou yon jou. Se tankou jounen ayè ki fin pase a, se tankou yon ti kadè nan mitan lannwit.


5) Ou fè yo pase tankou yon rèv, tankou pye zèb ki leve yon jou maten.


6) Li grandi, li fleri, nan aswè li fennen, li cheche.


7)  Lè ou ankòlè, se fini ou fini ak nou. Lè ou move, ou fè kè nou kase.


8) Ou mete devan je ou tou sa nou fè ki mal, ou mete peche nou fè an kachèt yo aklè devan ou.





9) Ou koupe sou lavi nou paske ou ankòlè. Anvan nou bat je nou, lavi nou fini.


10) Dènye bout nou se swasanndizan. Si nou gen bon sante, n'a wè katreventan. Men, avantaj nou jwenn nan tou sa se sèlman tray ak mizè. Talè konsa nou fin viv, n' al fè wout nou.


11) Kilès ki konnen jan ou ka ankòlè? Kilès ki konnen jan pou yo pè ou lè ou move?


12) Moutre nou pou nou pa bliye jan lavi nou kout, pou nou kapab chache konprann tout bagay.


13) Seyè, kilè w'a tounen? Gen pitye pou sèvitè ou yo.


14) Chak maten, voye benediksyon ou sou nou! Konsa, n'a chante, n'a toujou gen kè kontan.


15) Koulye a fè kè nou kontan pou menm kantite jou ou te ban nou lapenn, pou menm kantite lanne nou pase nan mizè.


16) Fè moun k'ap sèvi ou yo wè sa ou ka fè. Fè pitit pitit yo wè jan ou gen pouvwa.


17) Seyè, Bondye nou, pa sispann ban nou favè ou. Fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè. Wi, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè.

ט) כִּי כָל יָמֵינוּ פָּנוּ בְעֶבְרָתֶךָ כִּלִּינוּ שָׁנֵינוּ כְמוֹ הֶגֶה:


י) יְמֵי שְׁנוֹתֵינוּ בָּהֶם שִׁבְעִים שָׁנָה וְאִם בִּגְבוּרֹת שְׁמוֹנִים שָׁנָה וְרָהְבָּם עָמָל וָאָוֶן כִּי גָז חִישׁ וַנָּעֻפָה:



יא) מִי יוֹדֵעַ עֹז אַפֶּךָ וּכְיִרְאָתְךָ עֶבְרָתֶךָ:



יב) לִמְנוֹת יָמֵינוּ כֵּן הוֹדַע וְנָבִא לְבַב חָכְמָה:


יג) שׁוּבָה יְהֹוָה עַד מָתָי וְהִנָּחֵם עַל עֲבָדֶיךָ:


יד) שַׂבְּעֵנוּ בַבֹּקֶר חַסְדֶּךָ וּנְרַנְּנָה וְנִשְׂמְחָה בְּכָל יָמֵינוּ:


טו) שַׂמְּחֵנוּ כִּימוֹת עִנִּיתָנוּ שְׁנוֹת רָאִינוּ רָעָה:


טז) יֵרָאֶה אֶל עֲבָדֶיךָ פָּעֳלֶךָ וַהֲדָרְךָ עַל בְּנֵיהֶם:


יז) וִיהִי נֹעַם אֲדֹנָי אֱלֹהֵינוּ עָלֵינוּ וּמַעֲשֵׂה יָדֵינוּ כּוֹנְנָה עָלֵינוּ וּמַעֲשֵׂה יָדֵינוּ כּוֹנְנֵהוּ:





Tehilim Chapit 105

פרק קה

HODU LA’ADONAI


1)  Lwanj pou Letènèl! Kriye nan non li. Fè konnen jan li gen pouvwa! Fè nasyon yo konnen sa li fè!

2) Chante pou li! Fè lwanj li! Rakonte tout mèvèy li te fè yo!

3) Fè lwanj tet nou nan non ki Sen, Gen kè kontan moun tout moun k'ap chache li!

4) Chache Letènèl ak fos li tou, fo chache rete devan li toujou.

5 Sonje tout bel bagay yo li te fè; siy li yo ak jijman ki te soti nan bouch li.

6) Desandan Abraram, sèvitè li, pitit Jakòb yo, moun li te chwazi.

7 Li Letènèl Bondye Pa nou, Jijman’l sou tout latè a.

8  Lap toujou soje Kontra li. Bagay sa a li te Komande pou mil Jenerasyon yo.

9  kontra sa a li te pase ak Abraram. L'ap kenbe pwomès li te fè Izaak:

א) הוֹדוּ לַיהֹוָה קִרְאוּ בִשְׁמוֹ הוֹדִיעוּ בָעַמִּים עֲלִילוֹתָיו:


ב) שִׁירוּ לוֹ זַמְּרוּ לוֹ שִׂיחוּ בְּכָל נִפְלְאֹתָיו:


ג) הִתְהַלְלוּ בְּשֵׁם קָדְשׁוֹ יִשְׂמַח לֵב מְבַקְשֵׁי יְהֹוָה:


ד) דִּרְשׁוּ יְהֹוָה וְעֻזּוֹ בַּקְּשׁוּ פָנָיו תָּמִיד:


ה) זִכְרוּ נִפְלְאוֹתָיו אֲשֶׁר עָשָׂה מֹפְתָיו וּמִשְׁפְּטֵי פִיו:


ו) זֶרַע אַבְרָהָם עַבְדּוֹ בְּנֵי יַעֲקֹב בְּחִירָיו:


ז) הוּא יְהֹוָה אֱלֹהֵינוּ בְּכָל הָאָרֶץ מִשְׁפָּטָיו:


ח) זָכַר לְעוֹלָם בְּרִיתוֹ דָּבָר צִוָּה לְאֶלֶף דּוֹר:


ט) אֲשֶׁר כָּרַת אֶת אַבְרָהָם וּשְׁבוּעָתוֹ לְיִשְׂחָק:







10  Li fè l' tounen yon lwa pou Jakòb yo, yon kontra etènèl avek pèp Izrayèl la pou tout tan.


11 Li te di: -M'ap ba ou peyi Kanaan an pou yon pòsesyon pou tout moun nou yo.

12  Lè sa a, moun nou yo te pa anpil, yo te sèlman yon ti ponyen moun, yo te pa abite lontan nan peyi a.

13  Yo t'ap mache ale vini nan tout nasyon yo, yo t'ap soti nan yon peyi pou yo ale nan yon lòt nasyon.


14  Men, li pa t' kite pesonn maltrete yo. Li te menm rive pini anpil wa poutèt yo.

15  Li te di: Piga nou manyen moun mwen chwazi yo. Piga nou fè pwofèt mwen yo anyen.

16  Lè Letènèl te voye yon grangou sou peyi yo a, lè li te koupe tout viv yo,

17  li te voye Jozèf devan yo, menm Jozèf yo te vann tankou esklav la.

18) Yo te mete pye l' nan sèp, yo te pase yon chenn nan kou li,


י) וַיַּעֲמִידֶהָ לְיַעֲקֹב לְחֹק לְיִשְׂרָאֵל בְּרִית עוֹלָם:



יא) לֵאמֹר לְךָ אֶתֵּן אֶת אֶרֶץ כְּנָעַן חֶבֶל נַחֲלַתְכֶם:



יב) בִּהְיוֹתָם מְתֵי מִסְפָּר כִּמְעַט וְגָרִים בָּהּ:



יג) וַיִּתְהַלְּכוּ מִגּוֹי אֶל גּוֹי מִמַּמְלָכָה אֶל עַם אַחֵר:


יד) לֹא הִנִּיחַ אָדָם לְעָשְׁקָם וַיּוֹכַח עֲלֵיהֶם מְלָכִים:


טו) אַל תִּגְּעוּ בִמְשִׁיחָי וְלִנְבִיאַי אַל תָּרֵעוּ:


טז) וַיִּקְרָא רָעָב עַל הָאָרֶץ כָּל מַטֵּה לֶחֶם שָׁבָר:


יז) שָׁלַח לִפְנֵיהֶם אִישׁ לְעֶבֶד נִמְכַּר יוֹסֵף:


יח) עִנּוּ בַכֶּבֶל רַגְלוֹ בַּרְזֶל בָּאָה נַפְשׁוֹ:



Jouk Sa Li Te Di A Te Rive Vre. Konsa, Pawòl Letènèl Te Fè Wè Se Jozèf Ki Te Gen Rezon.


יט) עַד עֵת בֹּא דְבָרוֹ אִמְרַת יְהֹוָה צְרָפָתְהוּ:



כ) שָׁלַח מֶלֶךְ וַיַתִּירֵהוּ מֹשֵׁל עַמִּים וַיְפַתְּחֵהוּ:


כא) שָׂמוֹ אָדוֹן לְבֵיתוֹ וּמֹשֵׁל בְּכָל קִנְיָנוֹ:



כב) לֶאְסֹר שָׂרָיו בְּנַפְשׁוֹ וּזְקֵנָיו יְחַכֵּם:


כג) וַיָּבֹא יִשְׂרָאֵל מִצְרָיִם וְיַעֲקֹב גָּר בְּאֶרֶץ חָם:


כד) וַיֶּפֶר אֶת עַמּוֹ מְאֹד וַיַּעֲצִמֵהוּ מִצָּרָיו:


כה) הָפַךְ לִבָּם לִשְׂנֹא עַמּוֹ לְהִתְנַכֵּל בַּעֲבָדָיו:


כו) שָׁלַח מֹשֶׁה עַבְדּוֹ אַהֲרֹן אֲשֶׁר בָּחַר בּוֹ:


כז) שָׂמוּ בָם דִּבְרֵי אֹתוֹתָיו וּמֹפְתִים בְּאֶרֶץ חָם:


19) jouk sa li te di a te rive vre. Konsa, pawòl Letènèl te fè wè se Jozèf ki te gen rezon.


20) Wa peyi Lejip la te wete l' nan chenn yo, chèf nasyon an te fè lage l'.

21) Li mete l' chèf sou tout moun lakay li, li mete l' pou l' gouvènen tout peyi a.


22) Li ba li kat blanch sou tout chèf yo, li ba li otorite pou l' moutre notab yo sa pou yo fè.

23) Apre sa, Izrael te desann nan peyi Lejip. Jacob te vin abite nan peyi pitit Kam yo.

24) Letènèl te fè pèp li a peple anpil. Li te fè l' vin pi fò pase lènmi l' yo.

25) Li fè moun peyi Lejip yo rayi pèp li a: Yo aji mal ak li, yo twonpe li.

26) Lè sa a, li voye Moyiz, yon moun ki t'ap sèvi l', ansanm ak Arawon, yon moun li te chwazi.

27) Avèk pouvwa li, yo te fè mèvèy nan peyi pitit Kam yo. Yo te fè anpil mirak nan peyi Lejip.




Li Voye Fènwa Kouvri Tout Peyi Mitzraim (Peyi Lejip la)


כח) שָׁלַח חֹשֶׁךְ וַיַּחֲשִׁךְ וְלֹא מָרוּ אֶת דְּבָרוֹ:


כט) הָפַךְ אֶת מֵימֵיהֶם לְדָם וַיָּמֶת אֶת דְּגָתָם:




ל) שָׁרַץ אַרְצָם צְפַרְדְּעִים בְּחַדְרֵי מַלְכֵיהֶם:


לא) אָמַר וַיָּבֹא עָרֹב כִּנִּים בְּכָל גְּבוּלָם:


לב) נָתַן גִּשְׁמֵיהֶם בָּרָד אֵשׁ לֶהָבוֹת בְּאַרְצָם:


לג) וַיַּךְ גַּפְנָם וּתְאֵנָתָם וַיְשַׁבֵּר עֵץ גְּבוּלָם:


לד) אָמַר וַיָּבֹא אַרְבֶּה וְיֶלֶק וְאֵין מִסְפָּר:


לה) וַיֹּאכַל כָּל עֵשֶׂב בְּאַרְצָם וַיֹּאכַל פְּרִי אַדְמָתָם:


לו) וַיַּךְ כָּל בְּכוֹר בְּאַרְצָם רֵאשִׁית לְכָל אוֹנָם:


28) Li voye fènwa kouvri tout peyi a. Men, moun peyi Mitsrayim (Lejip) lan pa t' koute sa’l tap di yo.

29) Li fè dlo larivyè yo tounen san, li touye tout pwason ladan yo.

30) Krapo te pran tout peyi a pou yo, yo te rive jouk anndan chanm nan kay wa a.

31) Bondye annik pale, mouchavè ak vèmin parèt, yo kouvri tout peyi a.

32) Li pa ba yo lapli, li voye lagrèl pito ak kout zèklè sou peyi a.

33) Li te detwi tout pye rezen ak tout pye figfrans yo. Li jete tout pyebwa nan peyi a atè.

34) Bondye annik pale, chwalbwa parèt, chini vide an kantite.

35) Yo devore tout ti plant nan peyi a, yo manje tout rekòt nan jaden yo.

36) Bondye touye premye pitit gason nan tout fanmi nan peyi Lejip la. Li touye tout bagay ki premye  nan fos moun yo.







לז) וַיּוֹצִיאֵם בְּכֶסֶף וְזָהָב וְאֵין בִּשְׁבָטָיו כּוֹשֵׁל:


לח) שָׂמַח מִצְרַיִם בְּצֵאתָם כִּי נָפַל פַּחְדָּם עֲלֵיהֶם:



לט) פָּרַשׂ עָנָן לְמָסָךְ וְאֵשׁ לְהָאִיר לָיְלָה:


מ) שָׁאַל וַיָּבֵא שְׂלָו וְלֶחֶם שָׁמַיִם יַשְׂבִּיעֵם:



מא) פָּתַח צוּר וַיָּזוּבוּ מָיִם הָלְכוּ בַּצִּיּוֹת נָהָר:


מב) כִּי זָכַר אֶת דְּבַר קָדְשׁוֹ אֵת אַבְרָהָם עַבְדּוֹ:



מג) וַיּוֹצִא עַמּוֹ בְשָׂשׂוֹן בְּרִנָּה אֶת בְּחִירָיו:


מד) וַיִּתֵּן לָהֶם אַרְצוֹת גּוֹיִם וַעֲמַל לְאֻמִּים יִירָשׁוּ:



מה) בַּעֲבוּר יִשְׁמְרוּ חֻקָּיו וְתוֹרֹתָיו יִנְצֹרוּ הַלְלוּיָהּ:

37) Apre sa, li fè pèp Izrayèl la pati avèk kantite lò ak ajan. Anyen pa t' rive yo yonn menm.

38) Moun peyi Lejip yo te fè fèt lè yo pati paske yo te pè anpil.


39) Letènèl mete yon nwaj pou pwoteje yo lajounen, yon dife pou klere yo lannwit.

40) Yo mande l' vyann, li ba yo zòtolan. Li ba yo pen ki soti nan syèl pou plen vant yo.


41) Li fann yon gwo wòch, sous dlo pete, dlo pran koule nan dezè a tankou larivyè.

42) Li te chonje pwomès li te fè a, pawòl li te bay Abraram, sèvitè l' la.


43) Se konsa li te fè pèp li a soti ak kè kontan, li te fè pèp li te chwazi a rele sitèlman yo te kontan.

44) Li ba yo tè lòt nasyon yo, li kite yo ranmase rekòt jaden lòt moun,


45) pou pèp li a te ka kenbe lòd li yo, pou yo te ka obeyi kòmandman li yo. Lwanj pou Letènèl! Haleluya!




Tehilim Chapit 137

פרק קלז

Nou Te Chita Bò Larivyè Ki Nan Peyi Babilòn Yo, Nou T'ap Kriye Lè Nou Chonje Peyi Siyon.


א) עַל נַהֲרוֹת בָּבֶל שָׁם יָשַׁבְנוּ גַּם בָּכִינוּ בְּזָכְרֵנוּ אֶת צִיּוֹן:


ב) עַל עֲרָבִים בְּתוֹכָהּ תָּלִינוּ כִּנֹּרוֹתֵינוּ:


ג) כִּי שָׁם שְׁאֵלוּנוּ שׁוֹבֵינוּ דִּבְרֵי שִׁיר וְתוֹלָלֵינוּ שִׂמְחָה שִׁירוּ לָנוּ מִשִּׁיר צִיּוֹן:


ד) אֵיךְ נָשִׁיר אֶת שִׁיר יְהֹוָה עַל אַדְמַת נֵכָר:


ה) אִם אֶשְׁכָּחֵךְ יְרוּשָׁלָם תִּשְׁכַּח יְמִינִי:


ו) תִּדְבַּק לְשׁוֹנִי לְחִכִּי אִם לֹא אֶזְכְּרֵכִי אִם לֹא אַעֲלֶה אֶת יְרוּשָׁלַם עַל רֹאשׁ שִׂמְחָתִי:


ז) זְכֹר יְהֹוָה לִבְנֵי אֱדוֹם אֵת יוֹם יְרוּשָׁלָם הָאֹמְרִים עָרוּ עָרוּ עַד הַיְסוֹד בָּהּ:


ח) בַּת בָּבֶל הַשְּׁדוּדָה אַשְׁרֵי שֶׁיְשַׁלֶּם לָךְ אֶת גְּמוּלֵךְ שֶׁגָּמַלְתְּ לָנוּ:


ט) אַשְׁרֵי שֶׁיֹּאחֵז וְנִפֵּץ אֶת עֹלָלַיִךְ אֶל הַסָּלַע:

1) Nou te chita bò larivyè ki nan peyi Babilòn yo, nou t'ap kriye lè nou chonje peyi Siyon.


2) Nou te pandye gita nou yo nan branch pye sikren peyi a.


3) Moun ki te fè nou prizonye yo t'ap mande pou nou chante pou yo. Moun ki t'ap peze nou yo t'ap mande pou nou anmize yo: -Chante yon chante peyi Siyon pou nou non!


4) Ki jan ou ta vle pou n' chante yon chante Letènèl nan yon peyi etranje?


5) Si nou bliye ou, Jerizalèm. se pou nou bliye ki jan nou kon sèvi ak men dwat nou tou.


6) Si nou pa chonje ou, si nou pa konsidere ou tankou pi gwo kontantman nou, se pou lang nou kole nan fon bouch nou.


7) Seyè, chonje sa moun peyi Edon yo te fè jou yo te pran lavil Jerizalèm. Chonje jan yo t'ap di: Kraze l'! Kraze l' ratè!


8) Medam lavil Babilòn, ki pral fini. Nap beni moun ki pral peye ou, pou  yo fè ou sibi menm bagay ou te fè nou sibi a.


9) Nap beni moun k’ap pran pitit ou yo, ki pral kraze yo sou gwo wòch!


Tehilim Chapit 150

 פרק קנ

Haleluya, Halelu El Be’kodsho

א) הַלְלוּיָהּ הַלְלוּ אֵל בְּקָדְשׁוֹ הַלְלוּהוּ בִּרְקִיעַ עֻזּוֹ:


ב) הַלְלוּהוּ בִּגְבוּרֹתָיו הַלְלוּהוּ כְּרֹב גֻּדְלוֹ:


ג) הַלְלוּהוּ בְּתֵקַע שׁוֹפָר הַלְלוּהוּ בְּנֵבֶל וְכִנּוֹר:


ד) הַלְלוּהוּ בְתֹף וּמָחוֹל הַלְלוּהוּ בְּמִנִּים וְעֻגָב:

ה) הַלְלוּהוּ בְּצִלְצְלֵי שָׁמַע הַלְלוּהוּ בְּצִלְצְלֵי תְרוּעָה:


ו) כֹּל הַנְּשָׁמָה תְּהַלֵּל יָהּ הַלְלוּיָהּ:

1) Lwanj pou Letènèl! Lwanj pou Bondye nan tanp ki apa pou li a! Lwanj pou Bondye nan syèl la kote pouvwa li parèt aklè!


2) Lwanj pou li pou bèl bagay li fè yo! Lwanj pou li pou jan li gen anpil anpil fòs!


3) Lwanj pou li ak twonpèt! Lwanj pou li ak gita ak bandjo!

4) Lwanj pou li ak tanbou! Danse pou fè lwanj li! Lwanj pou li ak gita ak vaksen!


5) Lwanj pou li ak senbal ki bay bèl son! Lwanj pou li ak senbal ki fè gwo bri!


6)  Se pou tou sa ki gen souf fè lwanj Letènèl! Lwanj pou Letènèl!






LAPRIYÈ POU APRE OU FINI RESITE TIKOUN JENERAL LA


Ki moun ki pral bay pèp Izrayèl la delivrans soti nan Tziyon nan? Lè Letènèl Bondyé a retounen ak Egzile yo, (ak pèp li a ki te egzilé sou tout latè a) , Yaakov pral kontan, pèp Izrayèl la pral Rejoui ( Sòm 14: 7). Paske Sali Tzadikim yo (moun ki jis yo) soti nan Letènèl, yo pral ranfòse pa Li nan moman detrès yo (Sòm 37:39). Letènèl la ap ede yo epi delivre yo. Li pral delivre yo anba mechan, Li pral delivre yo paske nan li yo te pran refij ( Sòm 37:40).


Telechaje Yo Kopi Nan Versyon Pdf Isit





VIN JWENN NOU SOU WHAT'SAPP