Sunday, November 27, 2022

YON REFLEKSYON POU CHANS AK BENEDIKSYON YO NAP JWENN JODIA

Yon Mesaj Rabi Moshe KLEIN, ADMOUR UNGVA A

Mwa Biblik nou gen Kounyè a la a, ke yo rele Kislev la, se yon mwa ke tout moun konnen ak apresye. Nou konnen ke peryòd mwa sa a, se yon kontan ki sitiye sitou nan fen mwa a, Se nan mwa sa a ke nou gen bèl 8 jounen fèt Chanukah yo. Fèt Chanuka a se yon alizyon nan limyè Bondye a kap desann vin jwen nou. Ki sa ki limyè sa a ye? Se limyè ki nan Tora oral la, limyè ki gen nan tout eksplikasyon yo ke Letènèl te bay Moyz ak li te pase bannou e ke sèl nou Pèp Jwif la te geyen.

Nou kontan kounyè a la ke nap viv nan yon jenerasyon kote nou dwe remèsye Letènèl anpil pou tou sa lap bannou: Nou vrèman chanse ak Beni, jodi a nou gen tout eksplikasyon yo ke Bondye te voye bannou nan liv Gemara yo ki nan Jenerasyon pa nou an e disponib pou tout moun, Nou gen eksplikasyon nan liv Chumash yo ak kòmantè, ak Kantilasyon ki gen anpil sekrè espirityèl nan yo pou nou.

 Jodi a nou gen menm liv Gemara yo ak imaj, liv ki ilistre tèm nan kesyon yo: Jodia nou ka wè klèman kisa Kohen Gadol la (Gro Prèt Nan Tanp Jerizalèm) te ye ak sa li tap fè , Kounyè a nap konprann ak presizyon Beit Ha’Mikdach la te sanble. Figi a reprezante pa vle di anyen, men rad la ban nou yon lide sou orijinal la. Li ede nou finalman konprann sa n ap etidye lè nou wè l nan liv yo. Mwen te tande yon gwo Rav ki te etidye Tora pandan swasanndizan admèt ke li te mal etidye Gemara a jiska jodi a. 

"Jodi a mwen ka wè imaj yo epi mwen remake ke mwen te mal konprann," li te di. Moun yo dwe reflechi sou sijè sa a: tout sa nou gen a dispozisyon tankou trè bèl Tefilin yo, Manje min Ha’Méhadrin yo, yon manje kap satisfè tout egzijans Lalwa jwif yo ke Bondye te ban nou. 

Se pou nou reflechi sou Etrog yo (sitwon Biblik la) nan tan lontan an: Anvan Jenerasyon nou an se pa tout moun ki tap jwenn yon Sitwon Etrog pou li ka akonpli bèl komandman 4 espès yo ke Bondye te ban nou an. 

Nan peyi Ikrèn, oswa an Frans, pou egzanp, yo pa te gen okenn Sitwon Etrog yon santèn ane anvan sa, se pa tout moun ki te ka jwenn youn, yo tap jwenn yo sèlman nan sèten plas trè espesifik.

Mèsi Papa Bondye, ke nap viv kounyè a nan yon jenerasyon ki beni anpil kote nou jwenn yon abondans nan tout bagay pou fè volonte ou ak Mitzvot yo. Lè nou rive nan jou ferye Chanuka yo, nou dwe remèsye Letènèl, li se 8 jounen fèt ki fè alizyon ak espirityalite nou ka apresye anpil, bèl bouji yo ap fè alizyon ak espirityalite entans sa a. 

Nou dwe remèsye Letènèl epi fè lwanj li, paske nou nan yon sitiyasyon tankou pa nou an, paske nap jwenn Tora a nan tout bèl entansite li. Nap Kenbe Shabbat la pi fasil jodi a, nap jwenn revèy Shabbat yo ak lòt envansyon yo tou ki fè li pi fasil pou nou ka kenbe Shabbat la, epi nou dwe remèsye Letènèl paske li ban nou Tora a ak fòs pou nou ka kenbe Tora ak tout Mitzvot yo (Tout sa Bondye mande nou fè).

Konnen ke nou dwe aspire tou nan kalite Mitzvot yo lè nap kenbe yo, tankou premye mèt nou yo tap fè a. Nan sans sa a, nou dwe tache kalite sa a - epi nou dwe adrese yon lapriyè bay Letènèl pou li ban nou fòs pou fè Mitzvot yo nan yon manyè dezenterese (Pa pou nou jwenn enterè), menm jan gwo Saj yo te fè yo tou, ak gwo pwofondè ak pwoksimite ak Letènèl. . 

Sa a se objektif nou dwe jwen pandan jounen fèt sa yo nan mwa Kislev la. Nan maten, nap resite Lapriyè nan Sòm Halel yo, ak nan aswè a, nap priye pou nou merite akonpli Tora a ak pwofondè ak nan limyè. 

Se pou Letènèl ede nou reyalize yon sanktifikasyon nan Non li epi reyisi nan akonpli volonte Letènèl la ak tout kè ak kè kontan tou.


VIDEYO SOU FET HANOUKA







KLIKE ANBA POU JWENN NOU SOU WHATSAPP OU SOU TELEGRAM

KLIKE POU JWENN SOU TELEGRAM