Sunday, April 2, 2023

Ti Mounton an, se te yon fo bondye li te ye nan Peyi Lejip la, Men Letènèl bannou lòd
pou nou manje fo bondye moun yo, se konsa li montre ke bagay sa yo, pa gen oken pouvwa.

Samdi ki vin Pase a, Nou te Rele l' Shabat Ha'Gadol, Pou Kisa? 

Nap jwenn nan Bib la sou fèt Pak la ki di konsa:  Pale ak tout Kominote Pep Izrayèl la, wap di moun yo konsa: 

"Nan dizyèm jou Mwa sa a, chak moun dwe pran yon ti mouton pou yo (manje), dapre chak fanmi yo nan zansèt moun yo, yap pran yon ti mouton pou chak fanmi (Egzòd 12:3)"

Nan Semèn sa a ki komanse jodia, nap selebre fèt Pesakh la, ki vle di Pak nan lang ebre. E Samdi sa a rele Shabat Ha'Gadol paske li se dènye samdi ki tonbe anvan Fèt Pak la. Men gen plizyè lot rezon pou kisa nou rele l' "Shabat Ha'Gadol" ki vle di gran Shabat:

1. Rezon ki pi koni a se paske dizyèm jounen nan mwa Nisan nan te tobe yon Samdi nan ane 2448 lè pèp Izrayèl la te pran yon ti mouton, ki te youn nan bondye moun peyi Lejip yo. Epi yo te mare l nan pye kabann lan, jan Bondye te bay lòd la. Anplis de sa, Moyz te avèti moun peyi Lejip yo ke nan fen kat jou Bondye ta pral voye dènye fleo a, ki te lanmò premye pitit chak youn nan moun yo. Lè premye pitit moun yo te tande avètisman sa a, yo te deside goumen pou yo te ka sove lavi yo; e yo te vin revòlte kont farawon an, e yo te touye lame peyi lejip la ak pwòp paran yo tou. Se poutèt sa nou rele samdi ki tonbe anvan fèt Pak la Shabat "Shabat Ha'Gadol" (Gwo Shabat), akòz gwo Mirak ki te fèt nan jou sa a.

2. Nan Lekti Pwofèt ki gen nan Shabbat sa a, nap li nan liv pwofèt Malachi ki di konsa: "Gade, mwen pral voye Eliyah Ha'Navi ba ou, anvan gwo jounen ak pè Letènèl la vini." Jou redanmsyon an rele "Ha'Gadol" (Gwo). Se poutèt sa Shabat sa a te resevwa menm non an tou, ki montre ke nap tann Eliyah Pwofèt la rive nan Fèt Pak la lè tout pep ap chita devan Sedè nan tab nou pou manje Pak la, lap vin anonse redanmsyon a.

3. Anplis mo "gwo" a, Gadol vle di "granmoun" tou. Nan pep Izrayèl la, yon timoun konsidere kòm yon granmoun a laj de 13 an akòz ke se nan moman sa a ke lap pran obligasyon li pou li akonpli tout Komandman yo ki nan Tora a. Ki vle di pou nou ke sou Shabat sa a, pèp Izrayèl la te vin granmoun, lè sa a yo te akonpli premye Komandman ke Letènèl te kòmande yo.

4. Nan Shabat sa a, se nòmal pou Raben, Lidè nan kominote a bay yon gwo diskou sou lwa kap montre ki nap fète Pak la, se poutèt sa tou nou rele li gwo Shabat la.

5. Semenn sa a tou nap selebre Sedè Pak la kote nap resevwa gwo fòs pou nou soti nan esklavaj materyèl nan lavi nou epi nap jwenn benediksyon kap ede nou pou tout ane a, epi depi gwo fòs sa a vin jwenn nou nan jou Shabat sa a. Shabat la te gen orijin yon gwo benediksyon pou tout semèn nan. Se poutèt sa tou nou rele l Shabat Ha'Gadol.

6. Moyz ki te premye Raben nou te mande farawon an yon jou repo (yon chabat) pou ebre yo. Lè Shabat la te fini moun yo te dwe dirèkteman tounen nan esklavaj yo. Men, nan dènye Shabat sa a anvan fèt pak la moun yo te kite peyi Lejip la, yo te repoze epi yo pa te tounen esklav ankò. Se poutèt sa tou nou rele li gwo Shabat, paske nou resevwa fòs pou pwolonje repo Shabat la pou rès semèn nan tou, epi konsa nap selebre Pak la san okenn esklavaj.

7. Tora a rele jou fèt Pak la, "Shabat" tou (jan li ekri: "Epi yo pral konte (Omè a) jou ki vin apre shabat la"). Kidonk, Bib la rele premye jou pak la Shabat tou, se poutèt sa a tou ke "Gwo Shabat la" ap fè nou sonje semèn sa a lè nou gen lod pou selebre "yon ti Shabat".

Ane nou gen kounyè a, 10 nan mwa Nisan nan te tonbe sou Shabat tou, menm jan li te tonbe nan ane 2448 lè nou te soti kite peyi Lejip la.

Kidonk, kèlkeswa rezon an, nou dwe pwofite Shabat sa a pou nou reflechi sou fason nou ka amelyore liberasyon nou an. Ki sa nou vle sakrifye pou tèt nou, pou wete tèt nou nan ledven an, paske nan fèt pak la Bondye te bay lòd pou nou pa manje pen gi gen ledven nan Semèn lè nap selebre Pak la, se pou nou reflechi kijan nap soti kite pwòp peyi Lejip nou an?


Men lòd Bondye te bay nan liv Egzòd la:   "Pandan sèt jou (Pak la), nou dwe manje Pen San Ledven. Se poutèt sa, ke soti nan premye jou nan fèt Pak la, nap wete Ledven an Lakay nou. Paske, nenpòt moun ki manje Pen ki gen Ledven depi premye jou a jouk setyèm jou a, moun sa a pral disparèt nan mitan pèp Izrayèl la (Egzòd 12:15)."

Pandan sèt jou, n'ap manje Matsot (Pen San Ledven an). Sou setyèm jou a, n'ap fè fèt pou Letènèl. Moun yo ap manje Pen San Ledven pandan sèt jou yo. Epi nou p'ap janm wè pen ki fèt ak ledven lakay ou, ni nou p'ap janm jwenn Ledven nan posesyon ou nan tout fwontyè ou yo (Egzòd 13:6-7).

Nap selebre Pak la, "Nan premye mwa a, nan katòzyèm jou a, fèt la ap komanse lè solèy la ap kouche, li se fèt Delivrans lan li ye, pou Letènèl. Epi nan kenzyèm jou nan menm mwa a, se fèt Pen san Ledven pou Letènèl. Pandan sèt jou, n'ap manje Pen San Ledven... 7 Nan premye jou a, n'ap reyini pou Bondye. Nou pa dwe fè okenn travay ... 8 N'ap pote yon ofrann boule nan dife bay Letènèl pandan sèt jou fèt Pak la; Epi nan setyèm jou a, fèt Pak la ap fini, nan jou sa a nap reyini tout pèp la. E nou pa dwe fè okenn travay na jou sa a (Levitik 23:5-8)."


Diskou pa Ishai Harari