Monday, November 7, 2022

YON HIZOUK POU JODI A 

PASKE NAP FE ATANSYON SOU ÒDONANS LEGAL SA YO
Letènèl Li Menm L'ap Akonpli Pwomès li te fè a, Hesed (Bonte a) Li Te Prommi Pou desandan Abraam yo.
-
Tradwi Pa Lenord

Fraz Nan Lang Ebre
EIKEV TISHME'UN ET HA'MISHPATÍM HA'ELE

Paske mwen te konnen Abraram jouk nan fen tan an, mwen konnen ke li ta pral kòmande pitit li yo (desandan li yo) ak moun ki nan fanmi li yo, tout moun yo ki pral vini apre li, pou yo  ka kenbe sa nou rele "Derekh Ha'Shem" (Chemen Letènèl Bondye nou). Chemen Bondye a se Tzedakah ak Mishpat (sa vle di Jistis); Jiska lafen, e se poutèt sa Letènèl ap pote bay Abraram sa li te pwomèt li a. Nan Bereshit (Jenèz) 18:19

Epi, se pral konsa, paske wap fè atansyon sou òdonans legal sa yo (Nan Bib la), epi lè w kenbe yo, ak akonpli yo, se poutèt sa menm ke Etènèl Bondye w ap kenbe avèk ou Brit (Alyans) ak Hesed (bonte) ke li te te sèmante pou ou, bay zansèt ou yo..

Rav Moshe Sharf nan Mada te mande kesyon sa a: 

"Poukisa se Letènèl Bondye nou an te di nou nan fraz sa a, ke se paske nap koute epi obeyi òdonans legal sa yo, ke li pral kenbe alyans lan avèk nou?"
Èske li pa ta dwe konprann de tout fason, ke li pral kenbe alyans li, pwomès ak sèman li te fè a, bonte a li te promi pou nou an, tou senpleman paske li te fè sèman sa a bay Abraham Avinu (papa nou an)?

Se vre, Letènèl, Li se Bondye Verite li ye, li pap jam mati, Li gen entansyon pou li akonpli Sèman li, Li pral fè Hesed (Bonte li) ak desandan Abraram yo, Lap kenbe Alyans li a; men Li pa oblije fè sa ak yon jenerasyon moun rebèl ki pa vle obeyi òdonans li yo nan Tora a (Bib la), Li ka tann jenerasyon kap vini an.

Pi wo pase tout bagay, nou dwe sonje, ke Letènèl te deklare zanj li yo, li te bay di yo konsa, ke rezon ki fè li tap akonpli pak li ak Abraram nan, se paske soti nan yon jenerasyon vin rive nan yon lot jenerasyon, desandan Abraram yo tap anseye pitit yo pou yo mache nan Derech Ha'Shem (Chemen Bondye a), sa nou rele Tzedakah ak Michpat la; sa vle di, moun yo ap swiv nan chemen Letènèl la, yap Jistis nan mond land, yap obeyi tout òdonans legal li yo jiska lafen tan an.

NAN PARASHAT EIKEV: NOU GEN TÈS FINAL YO

Eikev, vle di tou talon. Rabi Zilberstein ekri nan sefer li Vaveh Ha'Amudím, nou dwe entènalize lefèt ke nou se jenerasyon "ikvetah nan Mashicha", ki vle di talon pye Messie a. Nou se dènye jenerasyon an anvan Messie a revele, ak raben nou yo te avèti nou tou, ke jenerasyon nou an pral sibi tès ke okenn lòt jenerasyon pa te wè.

Se poutèt sa avètisman sa a tou, se yon gwo Chizuk (Yon konfò ak ankourajman li ye) pou nou; Ebyen, ak sa Letènèl ap di nou an, se paske nou kontinye mache sou chemen li yo, lè nap obeyi òdonans li yo; Malgre gwo eprèv dènye jenerasyon sa a nan Lafen a, Letènèl ap kenbe Alyans li ak Paran nou yo ak pwomès li te fè a pou li pote bannou Hesed li, pou nou ki pitit Abraram, Itschak ak Ya'acov.