Sunday, January 8, 2023


KI MOUN KI MADAM SARA MINTZ ?

Aah, fanm sa a se yon aktis trè popilè li te ye. Nan endistri televizyon an li te popilarize ak non nesans li. Se te yon gwo vedèt entènasyonal nan lang panyòl, tout moun yo te konnen l' kom Madam Maritza Rodríguez. Yon Aktris Kolonbyèn ki te selèb anpil, li te gen yon karyè plen siksè nan plis pase 25 ane, ki gen ladann yon gwo istwa nan seri teleroman yo moun yo tap wè atravè lemond. Dènye patisipasyon Madam Rodríguez se te nan yon Teleroman ki rele "Silvana Sin Lana", ki te pase sou rezo latino entènasyonal Telemundo.

Apre li fin prepare pou yon ti tan epi li te koute vwa nanm li, Sara te swiv dezi li pou li vin dedye tèt li nan yon lavi ki pi espirityèl, Maritza te konvèti pou li ka sèvi Letènèl, Bondye Izrayèl la. Epi se konsa Madam Maritza vin tounen yon vre fanm jwif ak nouvo non li: Sara ak Mintz paske mari li se yon mesye Jwif ki rele Joshua Mintz - Nan vwayaj transfòmasyon Madam Mintz, pou li vin jwif, li te gide pa yon òganizasyon ki rele Shavei Izrayèl, kòm rezilta chanjman sa a li te transfome karyè selebrite li tou. Li pa t abandone karyè a, li te pito deside mennen eksperyans li nan yon lòt nivo, lè li te vin yon antrenè pou lavi nouvo, kounyè a lap bay diskou ak konferans pou ede, enspire ak motive jèn fi jwif yo ak fanm jwif yo, pou yo ka devlope yon konsyans espirityèl nan Tora a.

Sarah te reyalize rèv li pou fè Alyiah (demenaje) an 2021 e kounye a lap viv ak fanmi li nan Jerizalèm, kote li trè aktif nan lavi kominotè a, li anseye klas ak bay divès konferans nan Midrashot ak sant sosyal atravè peyi a.

Anplis de sa, li te patisipe nan divès pwogram televizyon ak entènèt, kote lap transmèt toujou yon mesaj nan Tora ak amelyorasyon espirityèl ki konekte ak Mitsvot yo (Komandman biblik yo).

ISTWA KOUT YON INTENSEL JWIF

Sarah Mintz te fèt Maritza Rodríguez Gómez; 1ye septanm 1975 nan Barranquilla, Kolonbi. Li te gen yon karyè siksè kòm yon aktris Telenovela Kolonbyen ak modèl. Nan mwa janvye 2018, li te anonse ke li te chanje non li pou Sarah Mintz.

Li pi konnen pou wòl li kòm Bárbara Santana nan yon telenovela ki te rele "Amantes del desierto (2001)", swivi pa Cristal Covarrubias nan "Ángel Rebelde (2003)",   Marfil Mondragon de Irázabal; Deborah Mondragón de Dávila nan "Acorralada (2007)", Sara Andrade nan "El Rostro de Analía (2008)", Pilar ak Raquel Arismendi nan "La Casa de al Lado (2011)", Antonia Villarroel nan "El Rostro de la Venganza (2012)", Teresa Cristina Palmer nan "Marido En Alquiler (2013)", ak Silvana Riva Palacios nan "Silvana sin lana (2016)".

Mintz gen twa frè ak sè. Li te marye depi jen 2005 ak Jwif Meksiken egzekitif nan Televizyon an ki rele Joshua Mintz. Kounye a Madam Mintz ap viv  a Jerizalèm, Izrayèl.  Sara Mintz te anonse nan dat 11 novanm 2013 sou rezo Telemundo nan pwogram Al Rojo Vivo ke li menm ak Joshua, mari li 'tap tann de tigason marasa. An dat 13 avril 2014, li te bay nesans ti gason jimo yo, Akiva ak Yehuda.