Monday, January 31, 2022

SAJÈS KI SAJ LA

NOU PA KA SAJ LE NOU TRANKIL AK TOUT BAGAY


§ Nan Mishnah a, yo di ke saj yo di konsa: "Yap louvri pòt yo pou li ..." Ki vle di ke gen moun kap jwenn souvan yon fason nan tout bagay, yap toujou sijere yon jistifikasyon diferan pou tout bagay.

Saj yo anseye: Pa twò abitye fè ve, pou ou pa pran Nedarim yo (ve yo) alalejè. Nap jwenn yon anseyman nan yon Baraita ki di konsa: Pa janm abitye fè ve, paske finalman ou pral meprize ve yo tout, epi ou pral menm abise sèman yo, ki pi grav.

Saj yo anseye: Epi pa regilyèman toupre yon inyoran (yon moun ki pa konnen anyen nan Tora), paske evantyèlman li pral ba ou manje ak pwodwi san li pa jam bay ladim, paske li pa pran prekosyon pou li bay dim.

Sages yo anseye: Pa regilyèman apresye konpayi yon Kohen inyoran (yon prèt ki pa konnen anyen), paske li pral finalman ba w manje Teruma akòz relasyon sere li gen avèk ou, epi Teruma se entèdi pou yon moun ki pa Kohen (yon moun ki pa yon prèt levi).

Saj yo anseye: Epi pa pale anpil ak yon fanm, paske evantyèlman w ap vin nan fònikasyon ((wap rive nan Niouf la (wap tonbe nan promiskuite) ak fanm yo) Nedarim 20a).


וַחֲכָמִים אוֹמְרִים פּוֹתְחִין לוֹ פֶּתַח כּוּ׳ תָּנָא לְעוֹלָם אַל תְּהִי רָגִיל בַּנְּדָרִים שֶׁסּוֹפְךָ לִמְעוֹל בִּשְׁבוּעוֹת וְאַל תְּהִי רָגִיל אֵצֶל עַם הָאָרֶץ שֶׁסּוֹפְךָ לְהַאֲכִילְךָ טְבָלִים אַל תְּהִי רָגִיל אֵצֶל כֹּהֵן עַם הָאָרֶץ שֶׁסּוֹפְךָ לְהַאֲכִילְךָ תְּרוּמָה וְאַל תַּרְבֶּה שִׂיחָה עִם הָאִשָּׁה שֶׁסּוֹפְךָ לָבוֹא לִידֵי נִיאוּף.