Tuesday, January 18, 2022



Pye fig frans di konsa:

Notzer TeEinah, Yokhel Piryah

Paske w Pwotektè yon Pye fig frans, Wap Manje fwi li Tou. 
(Pwovèb 28:18)


Yon pye fig frans bezwen anpil siveyans ak anpil atansyon, li bezwen pou ou obsève li ak anpil atansyon. Paske fwi li yo delika anpil, yap muri sou yon peryòd tan ki long anpil. Fwi li yo trè vilnerab, pou evite enfeksyon, ou dwe ranmase yo san reta.

Menm jan an tou pou etid Tora; Moun ki neglije li, lap pèdi li. Men, moun ki pran swen li, pral jwi li.

Saj yo te aplike vèsè sa a pou nou, yo te di nou ke vese sa a tap bannou istwa Yehoshua Bin Noun, 

Li te vin tounen siksesè Moshe Rabeinou, paske li te onorel kom pwofesè li, paske li te tranpe nan chak pawòl Moshe Rabeinou tap anseyenl.

Epi paske Yehoshua te konn prepare plas aprantisaj la, sa ki te fè ke plas la tap vin apwopriye pou ke lòt moun yo te ka vin jwi ansèyman Moshe Rabeinou yo tou.

Plant Lavi a Ap Chante 
Chapit 3 nan Perek Shirah