Monday, January 10, 2022




VIN WÈ KI JAN MOUN PÈP JWIF YO HABIBIN (KIJAN YO RENMEN ANPIL)

§ Yo anseye nan yon Ekriti Baraita: Kisa Rabi Shimon Ben Yoḥai di: Li di Konsa Vin wè ki jan Moun pèp jwif yo Habibin, Vin wè kijan yo renmen anpil devan Dye Sen an, Ann beni li. Kòm chak kote Moun yo te egzile, Prezans diven an te ale avèk yo:

1) Yo te depòte Moun yo nan peyi Lejip, epi Prezans Bondye te ale avèk yo, jan sa di: “Èske mwen te revele tèt mwen bay kay papa w la lè yo te ann Ejip?” (I Samyèl 2:27). 

2) Yo te depòte Moun yo nan Babilòn, epi Prezans diven an te ale avèk yo, jan sa di: “Pou rezon pa ou, mwen te voye tet pam nan Babilòn” (Izayi 43:14). 

3) Se Konsa tou, lè, alavni, yo pral rachte Moun yo, prezans diven an pral vini avèk yo, jan sa di: "Lè sa a, Senyè a, Bondye ou a, ap tounen ak depòte Moun w yo" (Detewonòm 30:3). 

Li pa di: Li pral fè tounen, sa vle di, Li pral fè pèp jwif la tounen, men pito li di: "L'ap tounen," ki anseye ke Bondye Sen an, Bondye beni an, pral tounen ansanm ak Moun yo nan mitan yo. Lè yo pral tounen soti nan divès kalite ekzil yo genyen koulyè a.