Friday, February 10, 2023


SAJÈS BIBLIK POU JODIA

NOU GEN YON EGZIJANS POU NOU MONTRE RESPÈ POU TOUT BAGAY, MENM POU WÒCH LOTÈL LA

Ou Pa Dwe Monte Lotèl Mwen An Sou Mach Pou Pa Parèt Toutouni Sou Li. 
(Egzòd 20:23).

Apre Letènèl te bannou sa nou rele 10 kòmandman yo (Menm si se pa 10 komandman yo te ye), Dye te di Moyiz pou l monte sou mòn Sinayi a epi pou l rete la pou 40 jou pou l ka aprann rès Tora a (Pou l ka aprann tout lot komandman yo ki gen nan bib la). Kèk nan komandman sa yo, se sa Bondye te anseye Moyiz ki te konsène kijan nap konstwi yon lotèl pou sakrifis. Youn nan lwa sa yo se te ke nou pa dwe monte sou lotèl la pa mwayen yon eskalye, sinon pa yon ranp.

Nap li l konsa: 
"Ou pa dwe monte lotèl mwen an sou mach pou pa parèt toutouni sou li. (Egzòd 20:23)."

Kohanim yo, Prèt Livitik yo te mete pantalon anba tunik yo, kidonk kò yo pa t ap ekspoze toutouni nan lotèl la menm sou yon eskalye. Sepandan, piske w monte yon eskalye wap bay enpresyon w ekspoze kò w toutouni, kom si li pa kouvri. Letènèl di nou ke li pi modès pou w sèvi ak yon ranp. Si Dye mande nou pou nou respekte "santiman" wòch yo ki pap santi anyen, se enpotan kounye a la pou nou konnen ke lap plis mande nou pou nou respekte santiman moun ki parèy nou an.

Egzijans pou nou montre respè pou wòch lotèl la anseye nou pou nou pwoteje onè lòt moun yo, menm lè nou pa gen entansyon pou ofanse moun yo.

Kidonk, dènye vèsè sa a nan seksyon Tora sa a rezime mesaj revelasyon Bondye te bannou sou Mòn Sinayi a: Nou dwe toujou konprann ke nap jwenn Bondye menm nan bagay ki pa gen enpotans nan monn nan. Relasyon nou ak lòt moun yo se yon pati nan relasyon nou kenbe ak Bondye. 

Nap jwenn Letènèl nan tout bagay, nan tout espas, nan tout wòch, nan tout bwa, nan tout moun, nan tout sa li te kreye, nap jwen li ladann l'. Jan bib la di nou nan Jeremi 23:24 

Eske yon moun ka kache nan yon kachèt pou m' pa wè l'? Èske mwen pa ranpli tout syèl la ak tout tè a? - di Letènèl la.
Menm si yon moun te monte rive nan zetwal yo, laba lap jwenn bondye, menm si li te plonje nan fon lanmè a laba nan fon dlo a lap jwenn Letènèl, menm si li vin desann jouk nan lanfè a laba lap jwenn Kreyatè:

7 Ki bò mwen ta ka ale pou m' pa jwenn ou? Ki bò mwen ta ka ale pou ou pa wè m' devan je ou? Si m' te moute rive nan syèl la, se la ou ye. Si m' desann Sheyol kote mò yo ye a, ou la tou. Si m' vole ale bò kote solèy ap leve, osinon si m' al rete bò lòt bò lanmè a, l'a ankò, w'ap toujou la tou pou mennen m', w'ap la pou pwoteje m'. 11 Si mwen di: -Bon! M' pral kache nan fènwa a. M' pral rete kote tout limyè mouri.  Fènwa pa fè nwa pou ou. Lannwit la ap klere tankou lajounen pou ou. Kit li fènwa, kit li lajounen, se menm bagay li ye pou ou (Sòm 139).


Ak nou dwe konnen tou, nan yon sans pozitif ke lè nap renmen yon lòt moun, an verite se Letènèl Kreyatè a li menm ke nap renmen.