Wednesday, September 14, 2022



JIZUK JODI A‼️


TRETE YO AK RESPÈ

Tora a nan kòmansman Parashat Ekev pwomèt rekonpans yo ki pi bèl bay moun ki respekte Mitzvot yo (Òdonans Tora a / Komandman yo nan Bib la). Rashi te ekri sou sa ke Tora a isit la ap pale de Mitzvot sa yo ke moun yo ap pile sou anba pie yo, kòmandman yo ak òdonans sa yo ke moun yo pap respekte ase. Kenbe nan tèt ou ke chak Mitzvah (Kòmandman) se yon trezò li ye e, malerezman, pafwa nou pran yo pou yo akòde epi nou pa trete yo ak respè ke yo merite.

Mitzvot nou yo se bèl bagay yo ye. Plis nou ba yo respè, se plis nou resevwa benediksyon an retou. Rabanit Iris te pataje mesaj bay nou.