Tuesday, March 7, 2023


LIV ESTÈ A KI RELE NAN LANG EBRE MEGILAT ESTÈ, AK KISA K LADAN L

  • NAN CHAPIT 1 AN NAP JWENN

Wa Asyeris ki rele Ahashverosh nan lang ebre te fè yon gwo resepsyon nan Lavil Souz ki rele Shushan nan lang ebre. Rèn Vachti (Pitit fi Answyen wa Nabikodonosor) te refize obeyi (10-12) demand wa Ahashverosh la. Wa a al pale ak mesye save yo (13-20). Wa a te bay yon dekrè (21, 22)

  • NAN CHAPIT 2 A NAP JWENN

Yo tap chèche yon nouvo rèn (1-14). Estè ki rele Hadasa nan lang ebre a te vin rèn (15-20) nan tout wayom Pès la. E Madoche ki rele Mordehay nan lang ebre te devwale yon konplo (21-23) kont wa a.

  • NAN CHAPIT 3 NAP JWENN

Wa a te mete Aman ki rele Haman nan lang ebre, nan gwo pozisyon (1-4) sou tout lòt moun yo nan peyi a

Aman (Haman) te fè yon konplo pou l detwi tout Jwif yo (5-15)

  • NAN CHAPIT 4 NAP JWENN

Madoche (Mòde’hay) te nan lapenn (1-5) akoz konplo Haman te fè pou l’ touye jwif yo

Madoche (Mòde’hay) te mande Rèn Estè pou l aji (6-17) pou li te ka sove moun jwif yo

  • NAN CHAPIT 5 NAP JWENN

Estè parèt devan wa a (1-8)
Kòlè ak awogans Aman (Haman) (9-14)

  • NAN CHAPIT 6 NAP JWENN

Wa a onore Madoche (Mòde’hay) (1-14)

  • NAN CHAPIT 7 NAP JWENN

Kijan Rèn Estè te vin devwale konplo Aman nan (Haman nan) (1-6a)
Yo pann Aman (Haman) sou poto li te fè prepare pou Mòde’hay la (6b-10)

  • NAN CHAPIT 8 NAP JWENN

Madoche (Mòde’hay) vin nan yon pi gwo pozisyon (1, 2)
Rèn Estè tap sipliye wa a (3-6)
Wa a bay yon lòt dekrè (7-14) pou jwif yo te ka defann tèt yo kont lènmi yo.
Jwif yo soulaje e kè yo kontan (15-17)

  • NAN CHAPIT 9 NAP JWENN

Jwif yo pote laviktwa (1-19) sou zènmi yo
Yo etabli fèt Pourim nan (20-32) pou tout letènite, pou jwif yo ka fète l’ chak ane.

  • NAN CHAPIT 10 NAP JWENN

Madoche (Mòde’hay), te vin yon moun trè enpòtan (1-3) nan wayom pès la








CHAPIT 1 NAN LIV ESTÈ RÈN JWIF LA NAN PEYI PÈS

Megilat Estè 1 : 1-22

1 Twouve, nan epòk Ahashverosh (Asyeris nan lang Kreyòl) *, anpalan de wa Asyeris la, se li menm ki tap dirije peyi a ak 127 tèritwa yo soti Nan peyi End (Hodou nan lang ebre) rive jouk nan Etyopi (Kouch nan lang ebre)*, 2 wa a te chita sou twòn li nan sitadèl* Souz la. 3 Nan twazyèm ane rèy li a, li te fè yon gwo resepsyon pou tout gouvènè ak fonksyonè ki nan wayòm li an. Te gen lame peyi Pès ak peyi Medi ansanm ak gwo potanta yo ak mesye ki t ap gouvène tèritwa yo ki te kanpe devan l. 4 Li te pase anpil jou ap montre yo richès ki gen nan wayòm li an ki bèl anpil e li t ap montre yo onè ak pisans li genyen. Li te fè 180 jou ap fè sa. 5 Epi, apre jou sa yo, wa a te fè yon gwo resepsyon ki te dire sèt jou nan lakou jaden palè wa a pou tout moun ki te nan sitadèl* Souz la, soti nan moun ki nan pi gwo pozisyon yo rive nan moun ki nan pi piti pozisyon yo. 6 Te gen rido ki fèt ak twal len, rido ki fèt ak twal koton bon kalite ak rido ki fèt ak twal ble ki te mare ak kòdon ki fèt ak twal bon kalite. Te gen lenn wouj vyolèt ki pase nan yon seri bag ann ajan, te gen poto an mab, te gen yon seri ti kabann ki fèt annò e an kuiv sou yon seri wout ki fèt ak bèl wòch*, mab blan, pèl ki byen klere ak mab nwa.

7 Yo te sèvi diven nan koup* ki fèt annò. Pa t gen yon koup ki te sanble ak lòt. Te gen anpil diven e se diven wa a abitye bwè yo te sèvi, se sèl wa a ki te ka bay kantite sa a. 8 Moun te bwè jan yo vle, nan moman sa a, pa gen yon lwa ki te anpeche yon moun bwè jan l vle, paske wa a te antann li ak moun ki nan gwo pozisyon nan palè l yo pou yo kite chak moun bwè jan yo vle.

9 Epitou, rèn Vachti te fè yon gwo resepsyon pou tout medam yo nan palè wa Asyeris (Ahashverosh) la.

10 Sou setyèm jou a, lè kè wa a te kontan anpil akoz diven li t ap bwè a, li te mande Mewouman, Bizta, Abona, Bigta, Abagta, Zeta ak Kakas, sèt mesye ki te nan gwo pozisyon ki t ap sèvi wa Asyeris dirèkteman yo, 11 pou yo mennen rèn Vachti devan l ak gwo mouchwa* rèn li nan tèt li pou l ka montre moun yo ak gouvènè yo jan rèn nan bèl, paske rèn nan te bèl anpil. 12 Wa a te voye mesye l yo ki te nan gwo pozisyon al bay rèn Vachti lòd pou l vini, men li te derefize vini. Sa te vin fè wa a fache anpil, e li te fè gwo kòlè.

13 Apre sa, wa a te pale ak mesye save ki byen konnen sa lalwa di sou sa. (Se konsa wa a te prezante ka a devan tout mesye ki byen konn lalwa ak zafè lajistis yo, 14 e pami yo, men mesye ki te pi pwòch wa a: Kachena, Cheta, Admata, Tasis, Merès, Masena ak Memoukan. Toule sèt te gouvènè+ nan peyi Pès ak peyi Medi. Yo te gen dwa al kote wa a e se yo ki te nan pi gwo pozisyon nan wayòm nan.) 15 Wa a te mande yo: “Selon lalwa, ki sa k dwe fèt ak rèn Vachti poutèt li pa t obeyi lòd mwen menm, wa Asyeris, mwen te voye mesye ki nan gwo pozisyon yo ba li a?”

16 Lè sa a, Memoukan di devan wa a ak gouvènè yo: “Se pa kont wa a sèlman rèn Vachti mal aji+, men se kont tout gouvènè yo ak tout pèp ki nan tout tèritwa wa Asyeris yo nèt li mal aji. 17 Paske tout madan marye yo ap vin konn sa rèn nan fè a, y ap meprize mari yo e y ap di: ‘Ata wa Asyeris (Ahashverosh) te mande pou yo mennen rèn Vachti devan l, rèn nan te refize ale.’ 18 Jodi a menm, madanm gouvènè peyi Pès ak peyi Medi yo ki konnen sa rèn nan fè a ap vin pale ak mari yo menm jan an, sa ap lakòz madanm yo pa pran mari yo pou anyen e mari yo ap vin fache anpil. 19 Si wa a dakò ak sa m di a, se pou l bay yon dekrè ki pap ka chanje, y ap ajoute l sou lwa peyi Pès ak peyi Medi yo, pou Vachti pa janm vin devan wa Asyeris ankò, e se pou wa a mete yon lòt fi rèn nan plas li, yon fi ki pi bon pase l. 20 Lè moun nan tout gwo tèritwa wa a ap dirije a tande dekrè wa a, tout madanm ap respekte mari yo, soti nan mari ki nan pi gwo pozisyon yo rive nan mari ki nan pi piti pozisyon yo.”

21 Konsèy sa a te fè wa a ak gouvènè yo plezi e wa a te fè sa Memoukan te di a. 22 Se konsa, li te voye lèt nan tout tèritwa wayòm li an, pou chak tèritwa, selon ekriti yo itilize, e pou chak pèp, selon lang yo pale, pou fè konnen chak mari dwe mèt* kay li e se lang moun peyi mari a pou mari a pale.


LIV ESTÈ CHAPIT 2, AK KISA K LADANN

Megilat Estè 2 : 1-23

2 Apre bagay sa yo, lè kòlè wa Asyeris (Ahashverosh) te vin bese, li te sonje sa Vachti te fè a e li te sonje ki desizyon yo te pran kont Vachti. 2 Apre sa, mesye ki t ap sèvi wa a dirèkteman yo te di: “Yo dwe chèche jèn fi ki bèl e ki vyèj pou wa a. 3 E se pou wa a mete moun nan tout tèritwa wayòm li an pou yo rasanble tout bèl jèn fi ki vyèj yo nan sitadèl* Souz la, nan kay medam yo. Se pou yo mete medam yo sou kont Egayi, yon sèvitè* wa a ki te responsab medam yo, e se pou yo pran swen kò medam yo* pou fè yo byen bèl. 4 Epi, jèn fi wa a pi renmen an ap vin rèn nan plas Vachti.” Konsèy yo te bay la te fè wa a plezi, e li te fè sa yo te di l la.

5 Nan sitadèl* Souz la, te gen yon mesye Jwif ki te rele Madoche (Mòde'hay). Li te pitit Jayi ki pitit Chimeyi, yon desandan Kich, yon moun nan tribi Benjamen. 6 Yo te pran l Jerizalèm e yo te mennen l ann egzil ak pèp la ansanm ak moun yo te egzile ak Jekónyas*, wa Jida a, li menm Nebikadneza, wa Babilòn nan, te mennen ann egzil. 7 Madoche (Mòde'hay) te responsab Pou Hadasa (Adasa)*, ki te rele Estè tou, pitit fi frè papa l’, paske Hadasa pa t gen ni manman ni papa. Jèn fi a te gen bèl fòm e li te bèl anpil. Lè papa l ak manman l te mouri, Madoche (Mòde'hay) te pran l kòm pitit fi l. 8 Lè yo te anonse pawòl wa a te di ak lwa l te bay la e lè yo te mennen yon pakèt jèn fi nan sitadèl* Souz la bay Egayi ki te responsab medam yo, yo te mennen Estè tou bay Egayi, lakay* wa a.

9 Twouve, san Egayi te al ak jèn fi a e jèn fi a te fè l apresye l*. Se sa k fè, san pèdi tan, li te bay lòd pou yo pran swen kò jèn fi a* pou fè l byen bèl e pou yo ba l manje k ap bon pou li, epi li te chwazi sèt sèvant lakay wa a pou pran swen l. Li te voye Estè ansanm ak sèvant li yo al kote ki pi bon nan kay medam yo. 10 Estè pa t di anyen konsènan pèp li a ak fanmi l, paske Madoche te ba l lòd pou l pa pale sou sa ak pèsonn. 11 Chak jou, Madoche te konn al devan lakou kay medam yo pou l pran nouvèl Estè e pou l konnen ki jan sa te ye pou li.

12 Chak jèn fi te gen lè pa l pou l antre al jwenn wa Asyeris (Ahashverosh) apre l fin pase 12 mwa li te dwe pase ap pran swen an. Paske, men kijan yo te dwe pran swen kò medam yo*: pandan sis mwa, yo te dwe pase luil ki fèt ak lami* sou yo e pandan sis lòt mwa, yo te dwe pase luil santi bon sou yo e yo te dwe pase divès kalite krèm pou fè yo bèl*. 13 Epi, jèn fi ki te pare pou l al kote wa a, yo t ap ba l nenpòt sa l mande lè l ap kite kay medam yo pou l al kay wa a. 14 Li te gen pou l antre kote wa a nan aswè, e nan maten li te gen pou l al nan dezyèm kay medam yo ki sou kont Chayachgaz, yon sèvitè* wa a ki te responsab madanm sou kote wa a te genyen yo. Jèn fi a pa t gen dwa al kot wa a ankò, sof si li te vrèman fè wa a plezi e wa a te voye rele l nan non l.

15 Moman an te rive pou Estè antre al kote wa a. Estè, pitit fi Abikayil (Avi'Hayil) ki te tonton Madoche (Mòde'hay), li menm Madoche (Mòde'hay) te pran l' kòm pitit fi li, t al jwenn wa a, men li pa t mande anyen sof sa Egayi, sèvitè wa a ki te responsab medam yo, te ba l konsèy pou l pran yo. (Pandan tan sa a, tout moun ki te wè Estè te apresye l.) 16 Yo te mennen Estè kote wa Asyeris (Ahashverosh), lakay wa a, nan dizyèm mwa a, ki mwa Tebèt*, nan setyèm ane rèy wa a. 17 Epi, wa a te vin renmen Estè plis pase tout lòt medam yo, Estè te fè wa a apresye* l plis pase tout lòt fi ki te vyèj yo e se li wa a te chwazi. 

Konsa, wa a te mete gwo mouchwa rèn yo konn genyen an nan tèt Estè e li te mete l rèn nan plas Vachti. 18 Apre sa, wa a fè yon gwo resepsyon pou tout gouvènè l yo ak sèvitè l yo. Se yon resepsyon li te fè pou Estè. Lè sa a, wa a bay lòd pou yo lage prizonye* nan tèritwa wayòm li an e li te kontinye bay moun kado, jan wa yo konn fè sa.

19 Twouve, lè yo te rasanble jèn fi ki te vyèj* yo yon dezyèm fwa, Madoche (Mòde'hay) te chita devan pòtay kay wa a. 20 Estè pa t di anyen konsènan fanmi l ak pèp li a, selon lòd Madoche te ba li. Estè te kontinye fè sa Madoche te di l fè, jan l te konn fè sa lè l te sou kont li.

21 Nan epòk Madoche (Mòde'hay) te konn chita devan pòtay kay wa a, Bigtan ak Terèch, de mesye ki t ap travay nan palè wa a, ki t ap veye pòtay la, te fache e yo te fè konplo pou yo touye* wa Asyeris (Ahashverosh). 22 Twouve, Madoche (Mòde'hay) te vin konn sa, e menm kote a, li te di rèn Estè sa. Epi, Estè t al di wa a sa pou Madoche (Mòde'hay). 23 Lè yo te fè ankèt sou sa, yo te vin wè se te vre. Yo te pann toule de mesye yo sou yon poto, apre sa, yo te ekri tout bagay sa yo devan wa a nan liv yo te konn ekri evènman ki pase yo.



LIV MEGILAT ESTÈ CHAPIT 3, AK KISA K LADANN

MEGILLAT Estè 3: 1-15


3 Apre sa, wa Asyeris (Ahashverosh) te met Aman (Haman), pitit gason Amedata, yon desandan Agag, nan yon pi gwo pozisyon e li te ba l plis pouvwa pase tout lòt gouvènè ki te ansanm avè l yo. 2 Epi, tout sèvitè wa a ki t ap veye pòtay kay wa a te konn koube devan Aman (Haman) e yo te konn bese fas atè devan l, paske se sa wa a te bay lòd pou yo fè. Men, Madoche (Mòde'hay) te refize koube devan Aman (Haman) epi bese fas atè devan l. 3 Se sa k fè sèvitè wa a te genyen ki t ap veye pòtay kay li yo te di Madoche (Mòde'hay): “Poukisa w pa respekte lòd wa a?” 4 Chak jou yo te konn mande l sa, men li pa t janm okipe yo. Epi, yo mande Aman (Haman) pou l gade pou l wè si yo ta dwe tolere konpòtman Madoche (Mòde'hay) genyen an, paske Madoche (Mòde'hay) te di yo se yon Juif li ye.

5 Twouve, lè Aman (Haman) wè Madoche (Mòde'hay) refize koube devan l epi bese fas atè devan l, Aman (Haman) te vin fache anpil. 6 Men, se pa Madoche (Mòde'hay) sèlman Aman (Haman) te vle touye*, paske yo te pale l de pèp Madoche (Mòde'hay) a. Se sa k fè Aman (Haman) te kòmanse ap chèche yon fason pou l elimine tout Juif ki nan tout tèritwa wa Asyeris (Ahashverosh) t ap dirije yo, sa vle di tout moun nan pèp Madoche (Mòde'hay) a.

7 Nan premye mwa a, sa vle di nan mwa Nizan*, nan 12yèm ane rèy Asyeris (Ahashverosh), yo te fè tiraj osò* devan Aman (Haman) pou yo konnen ki jou e nan ki mwa y ap fè sa, e tiraj osò a te tonbe sou 12yèm mwa a, sa vle di mwa Ada*. 8 Epi, Aman (Haman) di wa Asyeris (Ahashverosh) konsa: “Gen yon pèp ki gaye pami tout pèp ki nan tout tèritwa wayòm ou an, lwa pèp sa a pa menm ak lwa okenn lòt pèp. Monwa, yo pa obeyi lwa ou bay yo, e sa pa nan avantaj ou pou w kite moun sa yo egziste. 9 Monwa, si w dakò ak sa m di a, se pou w fè ekri yon dekrè pou w fè yo touye moun sa yo. Mwen menm, m ap bay moun ki nan gwo pozisyon yo 10 000 talan* ajan pou yo mete nan trezò wayòm nan pou travay sa a fèt*.”

10 Menm kote a, wa a retire bag li konn poze so a nan men l, li lonje l bay Aman (Haman), pitit gason Amedata, desandan Agag la, ki te ènmi Jwif yo. 11 Wa a di Aman (Haman): “Ajan an ak pèp la nan men w, ou mèt fè sa w vle ak yo.” 12 Se konsa, 13yèm jou nan premye mwa a, yo te rasanble tout sekretè wa a te genyen yo. Sekretè yo te ekri tout lòd Aman (Haman) te bay yo pou satrap* wa a te genyen yo, gouvènè ki t ap dirije tèritwa l yo ak lòt gouvènè ki t ap dirije lòt pèp yo e pou chak tèritwa, selon ekriti yo itilize, e pou chak pèp, selon lang yo pale. Yo te ekri lèt la nan non wa Asyeris (Ahashverosh) e yo te poze so sou li ak bag wa a konn met so a.

13 Yo te voye yon pakèt moun al pote lèt ale nan tout tèritwa ki sou kont wa a, ak lòd pou yo elimine, pou yo touye epi pou yo disparèt tout Jwif, jèn kou granmoun, timoun ak fi, nan yon sèl jou, 13yèm jou nan 12yèm mwa a, sa vle di mwa Ada (Adar nan lang ebre), e pou yo pran sa yo genyen. 14 Yo te dwe bay yon kopi lèt la nan chak tèritwa kòm yon lwa pou yo suiv e yo te dwe fè tout moun konn lwa sa a pou yo ka pare pou jou sa a. 15 Moun ki t ap pote mesaj yo te fè sa byen vit sou lòd wa a. Yo te bay lwa a nan sitadèl* Souz la. Apre sa, wa a ak Aman (Haman) te chita pou yo bwè, men vil Souz te tèt anba, moun yo pa t konn sa pou yo fè.

LIV MEGILAT ESTÈ CHAPIT 4, AK KISA K LADANN

Megilat Estè 4 : 1-17

4 Lè Madoche (Mòde'hay) aprann tout sa yo te fè, li chire rad sou li, li met rad ki fèt ak twal sak sou li e li plen kò l ak sann. Apre sa, l al nan mitan vil la, li t ap kriye byen fò, ak tout fòs li. 2 Li pa t al pi lwen pase devan pòtay kay wa a, paske pèsonn pa t gen dwa antre nan pòtay kay wa a ak twal sak sou li. 3 Epi, nan chak zòn kote yo te fè konnen pawòl wa a te voye di yo ak dekrè l te bay la, Juif yo te nan gwo lapenn, yo pa t manje, yo t ap kriye e yo t ap rele. Anpil ladan yo te kouche sou twal sak ak nan sann. 4 Lè sèvant Estè yo ak sèvitè* l yo te antre al rakonte l sa, rèn nan te boulvèse anpil. Apre sa, rèn nan voye rad pou Madoche (Mòde'hay) met sou li pou l ka retire twal sak li te gen sou li a, men Madoche (Mòde'hay) te refize pran yo. 5 Menm kote a, Estè voye rele Atak, youn nan sèvitè* wa a, yon moun wa a te mete pou sèvi l, e li ba l lòd pou l al kot Madoche (Mòde'hay) pou l mande l ki sa k genyen.

6 Se konsa, Atak t al kot Madoche (Mòde'hay) sou plas piblik vil la, anfas pòtay kay wa a. 7 Madoche (Mòde'hay) rakonte l tout sa k te rive l e ki kantite lajan Aman te pwomèt l ap bay pou yo met nan trezò wa a pou yo ka touye Juif yo. 8 Mete sou sa, li te ba l yon kopi dekrè yo te bay nan Souz la ki fè konnen yo dwe touye Juif yo. Atak te dwe montre Estè kopi dekrè a, li te dwe esplike l li, epi mande l pou l antre kot wa a pou l al mande l pou l gen pitye pou yo e pou l al defann pèp li a dirèkteman devan wa a.

9 Atak te retounen kot Estè e li di l sa Madoche (Mòde'hay) te di yo. 10 Men sa Estè te voye Atak al di Madoche (Mòde'hay): 11 “Tout sèvitè wa a ak tout moun ki nan tout tèritwa wa a konnen si yon gason oswa yon fi ta antre nan lakou ki pa anndan kay wa a san wa a pa voye rele l, sèl lwa y ap aplike sou moun sa a se touye l. Sèl jan pou yo pa touye l se si wa a lonje baton annò a ba li. Epitou, mwen gen 30 jou depi wa a pa voye rele m.”

12 Lè yo vin di Madoche (Mòde'hay) sa Estè di a, 13 li voye di Estè: “Pa panse paske w lakay wa a ou gen plis posiblite pou w sove pase tout lòt Juif yo. 14 Paske si w pa di anyen nan moman sa a, Jwif yo ap jwenn sekou ak delivrans yon lòt kote, men ou menm ak fanmi papa w, y ap touye nou. Sa k pou di w si se pa pou rezon sa a ou rive rèn?”

15 Lè sa a, Estè voye di Madoche (Mòde'hay): 16 “Al rasanble tout Jwif yo ki nan lavil Souz (Shushan) la, epi fè yon jèn* pou mwen. Pandan twa jou, lajounen kou lannuit, nou pa dwe ni manje ni bwè. Mwen menm ak sèvant mwen yo nap fè jèn nan tou. Mwen pral kote wa a, aktout lalwa pa pèmèt sa. Si pou m mouri, m a mouri.” 17 Epi, Madoche (Mòde'hay) ale, e li te fè tout sa Estè te mande l fè yo.

LIV MEGILAT ESTÈ CHAPIT 5, AK KISA K LADANN

Megilat Estè 5 : 1-14

5 Nan twazyèm jou a, Estè te mete rad rèn li sou li e li te kanpe nan lakou wa a, lakou ki pa anndan an, anfas kay* wa a, pandan wa a te chita sou twòn li, anndan palè a, anfas pòtay la. 2 Kou wa a wè rèn Estè kanpe nan lakou a, li te kontan wè l e li te lonje baton annò ki te nan men l lan bay Estè. Epi, Estè te pwoche kote l e li manyen pwent baton an.

3 Wa a mande Estè: “Rèn Estè, ki sa k pase? Ki sa wap mande? Menmsi w ta mande mwatye nan wayòm mwen an, m ap ba ou l.” 4 Estè reponn: “Si sa fè w plezi, monwa, m ta renmen w vini ansanm ak Aman nan yon gwo resepsyon m ap fè pou ou jodi a.” 5 Lè sa a, wa a di mesye l yo: “Di Aman (Haman) pou l vini tousuit, jan Estè mande a.” Konsa, ni wa a ni Aman (Haman) t al nan gwo resepsyon Estè te fè a.

6 Pandan yo t ap bwè diven, wa a di Estè: “Mande m sa w vle, m ap ba ou l. Ki sa w ap mande? Menmsi w ta mande mwatye nan wayòm mwen an, m ap ba ou l.” 7 Estè reponn li: “Men sa m vle e men sa m ap mande: 8 Si w dakò avè m, monwa, e si sa fè w plezi pou w fè sa m vle a pou mwen e pou w fè sa m mande w la, m ap mande w, monwa, pou ou menm ak Aman vin nan gwo resepsyon m ap fè pou nou demen an. Epi, demen m ap fè sa w di a, monwa.”

9 Jou sa a, Aman (Haman) t al lakay li ak anpil kè kontan. Men, lè Aman (Haman) te wè Madoche (Mòde'hay) nan pòtay kay wa a e li remake li pa t leve kanpe devan l ni li pa t tranble devan l, li te vin fache anpil kont Madoche (Mòde'hay). 10 Men, Aman (Haman) te kontwole tèt li e li t al lakay li. Apre sa, li rele zanmi l yo ak Zerès, madanm li. 11 Aman (Haman) te pran monte tèt li, li t ap di yo pakèt richès li genyen, pakèt pitit gason l genyen, fason wa a te ba l plis pouvwa e li te mete l nan pi gwo pozisyon pase gouvènè yo ak sèvitè wa a genyen yo.

12 Epi, Aman (Haman) di: “Sa k pi bèl la, se sèl mwen menm ak wa a rèn Estè te envite nan gwo resepsyon li te fè a e li envite m ak wa a ankò demen. 13 Men, tout sa pa anyen pou mwen toutotan m wè Jwif yo rele Madoche (Mòde'hay) a chita devan pòtay kay wa a.” 14 Lè sa a, Zerès, madanm li, ansanm ak tout zanmi l yo di l: “Fè met yon poto ki mezire anviwon 50 koude* kanpe. Epi, demen maten, mande wa a pou yo pann Madoche (Mòde'hay) sou poto a. Apre sa, al pran plezi w ansanm ak wa a nan resepsyon an.” Aman (Haman) te renmen konsèy sa a yo te ba li a, se sa k fè li te fè yo mete poto a kanpe.

LIV MEGILAT ESTÈ CHAPIT 6, AK KISA K LADANN

Megilat Estè 6 : 1-14

6 Pandan nuit lan, dòmi pa t ka pran wa a. Se sa k fè li te mande pou yo pote liv yo te konn ekri evènman ki te pase yo pou yo ka li l pou li. 2 Nan liv la, yo te wè sa Madoche (Mòde'hay) te vin di konsènan Bigtan ak Terèch, de mesye ki t ap travay nan palè wa a, ki t ap veye pòtay la, e ki te fè yon konplo pou yo touye* wa Asyeris (Ahashverosh). 3 Wa a mande: “Ki sa yo te fè pou yo onore Madoche (Mòde'hay) pou sa e pou yo rekonpanse l?” Lè sa a, sèvitè ki t ap sèvi wa a dirèkteman yo reponn: “Yo pa t fè anyen pou li.”

4 Apre sa, wa a mande: “Kiyès ki nan lakou a?” Twouve, Aman (Haman) te vin nan lakou ki pa deyò kay* wa a, li te vin pale ak wa a pou l ka fè pann Madoche (Mòde'hay) sou poto li te fè prepare pou li a. 5 Sèvitè wa yo di l: “Se Aman ki kanpe nan lakou a.” Epi, wa a di: “Fè l antre.”

6 Lè Aman (Haman) antre, wa a di l: “Ki sa yo ta dwe fè pou yon moun wa a vle onore?” Aman (Haman) di nan kè l: “Ki moun pou wa a ta vle onore plis pase m?” 7 Epi, Aman (Haman) di wa a: “Moun wa a vle onore a, 8 se pou yo abiye l ak rad wa a konn mete, y ap fè moun nan monte sou yon cheval wa a konn monte e y ap mete yon foula ki sot lakay wa a sou tèt cheval la. 9 Apre sa, se pou yo bay youn nan gwo potanta wa a genyen yo, moun yo pi respekte a, responsab rad la ak cheval la. Sèvitè yo ap abiye moun wa a vle onore a e y ap fè l monte sou cheval la sou plas piblik ki nan vil la. Yo dwe di byen fò devan l: ‘Men sa yo fè pou moun wa a vle onore a!’” 10 Menm kote a, wa a di Aman (Haman): “Pran rad la ak cheval la byen vit, epi fè sa w te di a pou Madoche (Mòde'hay), Jwif ki chita devan pòtay kay wa a. Pinga w bliye anyen nan sa w te di a.”

11 Konsa, Aman (Haman) pran rad la ak cheval la, li abiye Madoche (Mòde'hay), li fè l monte sou cheval la sou plas piblik ki nan vil la e li di byen fò devan l: “Men sa yo fè pou moun wa a vle onore a!” 12 Apre sa, Madoche (Mòde'hay) retounen devan pòtay kay wa a, men, Aman (Haman) te kouri al lakay li, li te nan lapenn e tèt li te kouvri. 13 Lè Aman (Haman) di Zerès, madanm li, ak tout zanmi l yo sa k sot pase l yo, ni mesye ki te avè l ki gen sajès yo, ni Zerès, madanm li, te di l: “Si Madoche, ou deja kòmanse ap tonbe devan l lan, soti nan ras Juif yo, ou pap ka fè l anyen, e wè pa wè, w ap tonbe devan l.”

14 Pandan yo te kontinye ap pale avè l, mesye yo ki tap travay nan palè wa a te vin chèche Aman (Haman) byen vit pou yo mennen l nan resepsyon Estè t ap fè a.

LIV MEGILAT ESTÈ CHAPIT 7, AK KISA K LADANN

Megilat Estè 7 : 1-1

7 Se konsa, wa a ansanm ak Aman (Haman) te antre al nan resepsyon rèn Estè te fè a. 2 Sou dezyèm jou a, pandan yo t ap sèvi diven an, wa a di Estè ankò: “Mande m sa w vle, rèn Estè, map ba ou l. Ki sa wap mande? Menmsi w ta mande mwatye nan wayòm mwen an, map ba ou l.” 3 Rèn Estè reponn: “Si w dakò avè m, monwa, e si sa fè w plezi, mwen sipliye w pou w sove lavi m* e m ap mande w pou w sove pèp mwen an. 4 Paske yo vann ni mwen menm ni pèp mwen an pou yo ka elimine nou, pou yo ka touye nou e pou yo ka disparèt nou. Si se sèlman vann yo te vann nou kòm esklav, mwen pa t ap di anyen. Men, malè sa a pa dwe rive, paske sa pap nan avantaj wa a.”

5 Lè sa a, wa Asyeris (Ahashverosh) di rèn Estè: “Ki moun ki fè sa, e kote nonm ki pèmèt li fè bagay sa a?” 6 Estè reponn: “Advèsè a, ènmi an, se mechan sa a yo rele Aman (Haman) nan.”

Aman te pran tranble devan wa a ak rèn nan. 7 Wa a te leve kite resepsyon an, li te fache anpil e li t al nan jaden palè a. Men, Aman te leve kanpe pou l mande rèn Estè sove lavi l*, paske li rann li kont wa a te deside touye l. 8 Wa a retounen sot nan jaden palè a e li antre kote resepsyon an t ap fèt la, epi li wè Aman ki lage kò l sou divan kote Estè te ye a. Wa a di byen fò: “Apa misye soti tou pou l vyole rèn nan lakay mwen an!” Kou wa a fin di pawòl sa yo, yo kouvri figi Aman. 9 Lè sa a, Abona, youn nan mesye ki te nan gwo pozisyon nan palè wa a, di: “Monwa, gen yon poto Aman te fè prepare pou Madoche ki te sove lavi w grasa enfòmasyon li te bay la. Poto a kanpe bò kay Aman an, li mezire anviwon 50 koude* wotè.” Lè wa a tande sa, li di: “Pann li sou poto a.” 10 Se konsa, yo te pann Aman sou poto li te fè prepare pou Madoche a e kòlè wa a te bese.

LIV MEGILAT ESTÈ CHAPIT 8, AK KISA K LADANN

Megilat Estè 8 :1-17

8 Jou sa a, wa Asyeris (Ahashverosh) te bay rèn Estè tout byen Aman (Haman) ki te ènmi Jwif yo. Epi, Madoche te antre vin devan wa a paske Estè te fè wa a konnen li se fanmi l. 2 Lè sa a, wa a retire bag li konn poze so avè l la nan dwèt li, bag ki te nan men Aman an, li bay Madoche (Mòde'hay) l. Epi, Estè bay Madoche (Mòde'hay) responsab tout byen Aman (Haman) yo.

3 Apre sa, Estè t al pale ankò ak wa a. Li te lage kò l nan pye wa a, li tap kriye e li tap sipliye l pou l detounen mechanste Aman (Haman), desandan Agag la, te fè a ak konplo li te fè kont Juif yo. 4 Wa a lonje baton annò a bay Estè, konsa Estè te leve kanpe devan wa a. 5 Li di: “Si sa fè w plezi, monwa, si w dakò avè m, si sa parèt bon nan je w e si w kontan avè m, m ap mande w pou w fè ekri lèt pou w bay lòd pou yo anile lèt konplotè yo rele Aman (Haman) nan, pitit gason Amedata, desandan Agag la, te ekri pou l fè touye Jwif nan tout tèritwa wa a genyen yo. 6 Paske ki jan m ap fè ret ap gade malè ki pral tonbe sou pèp mwen an e ki jan m ap fè ret ap gade jan y ap touye fanmi m yo?”

7 Konsa, wa Asyeris (Ahashverosh) di rèn Estè ansanm ak Madoche (Mòde'hay), Jwif la: “Gade! Mwen bay Estè tout byen Aman yo, e mwen te fè pann Aman sou poto a, paske li te fè konplo pou l atake* Jwif yo. 8 Kounye a, nou mèt ekri tout sa nou wè k ap bon pou Juif yo nan non mwen menm, wa a, epi poze so sou yo ak bag mwen konn poze so a, paske pèsonn pa ka chanje yon dekrè yo ekri nan non wa a e yo poze so sou li ak bag wa a konn poze so a.”

9 Vrèmanvre, nan moman sa a, yo te voye rele sekretè wa a te genyen yo nan twazyèm mwa a, sa vle di nan mwa Sivan*, nan 23yèm jou nan mwa a, e sekretè yo te ekri tout lòd Madoche te bay* Juif yo ansanm ak satrap* yo, gouvènè yo ak lòt chèf yo ki nan tèritwa yo, soti End (Hodou) rive Etyopi (Koush), sètadi 127 tèritwa. Yo te voye lèt nan chak tèritwa selon ekriti yo itilize, bay chak pèp selon lang yo pale, e yo te voye lèt pou Jwif yo selon ekriti yo itilize ak lang yo pale.

10 Madoche (Mòde'hay) te ekri lèt la nan non wa Asyeris (Ahashverosh) e li te poze so sou yo ak bag wa a konn poze so a. Li te voye moun pote lèt yo ale sou cheval. Yo te monte cheval ki rapid anpil, cheval yo te konn itilize pou fè sèvis wa a. 11 Nan lèt sa yo, wa a te bay Jwif ki nan tout vil yo pèmisyon pou yo rasanble, pou yo defann tèt* yo, pou yo elimine, touye epi disparèt nenpòt moun nan nenpòt pèp oswa nenpòt tèritwa ki vin atake yo ak zam, ni fi ni timoun, epi pran tout sa yo genyen. 12 Sa te dwe fèt menm jou a nan tout tèritwa wa Asyeris te genyen yo, 13yèm jou nan 12yèm mwa a, sa vle di nan mwa Ada (Adar)*. 13 Yo dwe fè pawòl ki nan lèt sa a tounen yon lwa nan tout tèritwa yo. Yo dwe voye l bay tout pèp yo yon fason pou Juif yo ka pare pou yo tire revanj sou ènmi yo jou sa a. 14 Moun ki t ap pote lèt yo te monte cheval yo te konn itilize pou fè sèvis wa a, e yo te kouri ale san pèdi tan, byen vit, sou lòd wa a. Yo te bay lwa a tou nan sitadèl* Souz la.

15 Twouve, Madoche (Mòde'hay) te soti devan wa a, li te abiye ak yon rad ki sanble ak rad wa konn mete. Rad la te fèt ak twal koulè ble ansanm ak twal blan.

Madoche (Mòde'hay) te gen yon kouwòn annò sou tèt li e li te gen yon manto wouj vyolèt ki fèt ak twal bon kalite sou li. Epi, moun ki te nan vil Souz yo t ap rele, tèlman yo te kontan. 16 Paske, pou Juif yo, se te yon jou delivrans*, kote yo te gen kè kontan, yo t ap rejwi e yo te santi yo gen anpil valè. 17 Epi, nan tout tèritwa yo ak nan tout vil yo, tout kote dekrè wa a ak lwa l te bay la te rive, Juif yo te kontan, yo t ap rejwi, yo t ap fè gwo resepsyon e yo t ap fete. Anpil moun pami pèp ki te abite nan peyi a te fè tèt yo pase pou Juif, paske yo te pè Juif yo anpil.

LIV ESTÈ CHAPIT 9, AK KISA K LADANN

Megilat Estè 9: 1-32

9 Nan 13yèm jou nan 12yèm mwa a, sa vle di nan mwa Ada (Adar)*, lè yo te dwe obeyi lòd wa a ak lwa li te bay la, nan jou ènmi Jwif yo te panse yo t apral kraze Juif yo, ebyen, se Juif yo ki te pot laviktwa sou tout moun ki te rayi yo. 2 Juif yo te rasanble nan vil kote yo te abite yo, nan tout tèritwa wa Asyeris t ap dirije yo pou yo te ka met men sou moun ki t ap chèche fè yo mal yo, e pa gen yon moun ki te ka kanpe devan yo, paske tout moun te vin pè Juif yo. 3 Epi, tout chèf ki te gen nan tèritwa yo, satrap* yo, gouvènè yo ak moun ki t ap travay pou wa a te ede Jwif yo, paske yo te pè Madoche (Mòde'hay). 4 Madoche te vin gen anpil pouvwa lakay* wa a, e tout moun nan tèritwa yo te tande pale de li, paske, tank jou t ap pase, Madoche te vin gen pi plis pouvwa.

5 Jwif yo te vide tout ènmi yo te genyen yo atè anba kout epe, yo te touye yo, yo te elimine yo. Yo te fè sa yo vle ak moun ki te rayi yo. 6 Juif yo te touye 500 moun nan sitadèl* Souz la, yo te fini ak yo. 7 Epitou, yo te touye Pachandata, Dalfon, Aspata, 8 Porata, Adalya, Aridata, 9 Pamachta, Arisayi, Aridayi ak Vayzata, 10 dis pitit gason Aman, pitit Amedata, ènmi Juif yo, e yo pa t pran anyen nan sa moun yo te genyen.

11 Jou sa a, yo te vin di wa a kantite moun yo te touye nan sitadèl* Souz la.

12 Wa a te di rèn Estè: “Nan sitadèl* Souz la, Jwif yo te touye 500 moun ak dis pitit gason Aman (Haman) yo, yo te fini ak yo. Kisa menm yo fè nan lòt tèritwa yo? Kounye a, mande m sa w vle, map ba ou l. Di m ki sa ankò pou m fè pou ou, e m ap fè l.” 13 Estè reponn: “Si sa fè w plezi, monwa, m ap mande w pou w kite Jwif yo ki nan lavil Souz la suiv menm lwa sa a yo te suiv jodi a, se pou yo pann dis pitit gason Aman (Haman) yo sou poto.” 14 Epi, wa a te bay lòd pou yo fè sa. Yo te pibliye yon lwa nan lavil Souz e yo te pann dis pitit gason Aman (Haman) yo.

15 Jwif ki te abite nan Souz yo te rasanble ankò nan 14yèm jou nan mwa Ada, yo te touye 300 moun nan Souz (Vil Shushan), men yo pa t pran anyen nan sa moun yo te genyen.

16 Lòt Jwif yo ki te nan tèritwa wa a t ap dirije yo te rasanble tou e yo te defann tèt yo. Yo te fini ak ènmi yo te genyen yo lè yo te touye 75 000 moun pami moun ki te rayi yo, men yo pa t pran anyen nan sa moun yo te genyen. 17 Sa te pase nan 13yèm jou nan mwa Ada (Adar). Nan 14yèm jou a, yo pa t fè pèsonn anyen e yo te fè jou sa a vin tounen yon jou fèt ak yon jou kè kontan.

18 Jwif ki te nan lavil Souz (Shushan) yo te rasanble tou nan 13yèm jou a ak nan 14yèm jou a, epi yo pa t fè pèsonn anyen nan 15yèm jou a. Yo te fè jou sa a vin yon jou fèt ak yon jou kè kontan. 19 Se sa k fè Jwif ki tap viv nan vil ki andeyò kapital la te fè 14yèm jou mwa Ada (Adar la) a vin yon jou kè kontan ak fèt, yon jou pou moun ka fete, yon moman pou youn voye manje bay lòt.

20 Madoche (Mòde'hay) te ekri sa k te pase yo e li te voye lèt ofisyèl bay tout Jwif yo, nan tout tèritwa wa Asyeris (Ahashverosh) tap dirije yo, kit yo te pre, kit yo te lwen. 21 Li te ba yo lòd pou yo fete 14yèm jou ak 15yèm jou nan mwa Ada (Adar), chak ane, 22 paske se nan jou sa yo Jwif yo te delivre anba men ènmi yo e se nan mwa sa a tristès yo te genyen an te vin tounen kè kontan, e yo pa t nan lapenn ankò paske se te jou pou moun fè fèt. Yo te dwe obsève jou sa yo kòm jou fèt ak jou ki bay kè kontan, kòm yon moman pou youn voye manje bay lòt moun e pou yo bay malere yo kichòy.

23 Epi, Jwif yo te dakò pou yo kontinye fete fèt yo te kòmanse fete a e pou yo fè sa Madoche (Mòde'hay) te ekri pou yo a, 24 paske Aman (Haman), pitit gason Amedata, desandan Agag la, ènmi Juif yo, te fè konplo kont Jwif yo pou l detwi yo, li te fè tiraj osò pou l lage yo nan latwoublay e pou l touye yo. 25 Men, lè Estè antre kote wa a, wa a te fè ekri yon lòd, li te di: “Se pou konplo sa a li te fè kont Jwif yo retounen kont li.” Konsa, yo te pann Aman (Haman) ak dis pitit gason l yo sou poto. 26 Se poutèt sa yo kontinye rele jou sa a Pourim, yon non ki gen rapò ak mo Pou a*. Se sa k fè, akoz tout sa ki te ekri nan lèt sa a ak sa Jwif yo te wè nan sitiyasyon sa a ansanm ak sa ki te vin tonbe sou yo, 27 Jwif yo te pran desizyon pou yo menm ak desandan yo ansanm ak tout moun ki te vin asosye avèk yo fete de jou sa yo kanmenm e pou yo fè sa yo te ekri pou yo a nan lè yo dwe fè l la, chak ane. 28 Yo te dwe sonje jou sa yo epi fete yo jenerasyon apre jenerasyon, nan chak fanmi, nan chak tèritwa e nan chak vil. Jwif yo pa dwe sispann fete jou Pourim yo e desandan yo pa dwe bliye fete jou sa yo.

29 Apre sa, yo te ekri yon dezyèm lèt konsènan fèt Pourim nan, epi rèn Estè, pitit fi Abikayil, ansanm ak Madoche (Mòde'hay), Jwif la, te sèvi ak pouvwa yo genyen pou fè respekte sa ki nan lèt la. 30 Madoche (Mòde'hay) te voye yon seri lèt ofisyèl ki gen pawòl lapè ak laverite ladann yo bay tout Jwif ki nan 127 tèritwa yo, wayom wa Asyeris (Ahashverosh) tap dirije a, 31 pou yo pa bliye jou (dat) yo te dwe fete fèt Pourim nan, nan lè yo dwe selebre l la, jan Madoche (Mòde'hay), Jwif la, ak rèn Estè te ba yo lòd pou yo te fè sa, e jan yo menm (tout jwif) yo te pran desizyon ansanm ak desandan yo pou yo fè sa, toutpandan yap ret san manje e y ap lapriyè pou yo sipliye Bondye. 32 Epi, lòd Estè te bay la te fè tout sa ki gen rapò ak fèt Pourim nan gen plis fòs, e yo te ekri l nan yon liv.

LIV ESTÈ CHAPIT 10, AK KISA K LADANN

Megilat Estè 10: 1-3


10 Wa Asyeris (Ahashverosh) te fè tout moun nan peyi a, ata moun ki te sou zile yo ki nan lanmè yo, travay kòm esklav.

2 Tout gwo bagay wa a te fè ak pouvwa li te genyen, ansanm ak tout ti detay yo rakonte ki montre jan Madoche te enpòtan, paske wa a te mete l nan yon gwo pozisyon, èske yo pa t ekri tout bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa peyi Medi ak peyi Pès yo? 3 Paske Madoche (Mòde'hay), Juif la, te nan dezyèm pozisyon apre wa Asyeris (Ahashverosh). Li te yon moun enpòtan pami* Jwif yo e tout Jwif menm jan avè l yo te gen respè pou li. Li tap travay pou byen pèp li a e pou ke tout desandan yo te ka gen lapè.